Daprè sa « Daily Caller News Foundation » rapòte nan yon atik yo pibliye, 25 septanm 2025 lan, ke USCIS li menm re-pataje, yo di tout sitwayen ameriken oubyen moun ki gen rezidans ki sponsorize migran pou vini Etazini, epi migran sa yo itilize èd finansyè leta, tankou kat manje (foodstamps), oubyen èd pou lojman elatriye… se yo kap responsab finansyèman.
Nan yon memo sèvis imigrasyon amerikèn, ke antite sa rive jwenn, administrasyon Trump lan avèti tout sponsò pou asime responsablite finansyè moun yo rantre yo. Si yo pa fè sa, yo mèt atann yo yap gen pou peye gwo amann, epi yap pouswiv yo devan lajistis.
USCIS deklare, si yon migran vin USA, epi li resevwa sipò finansye piblik nan men gouvènman federal oubyen Eta kote l li ye a, alòske se yon sponsò ki te fèl rantre, ajans ki te bay èd sa a kapab mande sponsò a pou remèt kantite lajan èd sa te koute a. Selon administrasyon Trump lan, yon sponsò ki pa bay ranbousman, ka menm fè fas ak akizasyon kriminèl. « Li enpòtan pou sponsò yo ak moun kap vini USA yo konnen, yo paka vin tounen yon chaj finansyè pou pèp ameriken an. Kontribyab yo pa dwe ap sibvansyone etranje ! », se sa Pòt-pawòl USCIS la, Matthew Tragesser deklare | LSV