Nan moman pi fò lidè mondyal yo abitye pran tribinn Nasyonzini ak diskou ki mezire, ki souvan pran ton diplomatik ki plis sanble ak yon egzèsis pwotokòl pase ak yon apèl pou aksyon, prezidan Kolonbi a, Gustavo Petro, deside kraze kad la. Vandredi ki sot pase a, 26 septanm 2025, nan New York, li pa t pote yon pawòl plat. Okontrè, li te pote yon pawòl ki tranble fondasyon politik entènasyonal la, yon pawòl ki te pi pre yon pwosè kont gwo pouvwa yo pase yon diskou klasik. Se poutèt sa anpil jounalis di jodi a: Petro souke tribinn Nasyonzini.
Nan diskou li a, prezidan Kolonbi a pa t chache mezire pawòl li. Li deklare ak yon vwa fò: “Jenosid Gaza dwe sispann.” Li pa t sèlman lanse yon apèl, li mete non ak chif sou responsab yo, li site Etazini kòm yon aktè ki bay konplisite ak zam, epi li denonse lanse misil nan Karayib la ki fèt sou pretèks konba kont dwòg. Pou Petro, se pa yon kesyon de sekirite oswa politik etranjè sèlman, men se yon pwojè dominasyon sou blòk Sid la. Nan moman anpil lidè fèmen bouch yo pou evite konfli ak gwo pouvwa yo, Petro deside montre sa Hannah Arendt te rele: » kouraj pou di laverite menm lè sa ka koute ou chè. »
Men diskou Petro a pa t limite l nan Gaza ak Karayib sèlman . Li te pote yon vizyon ki depase ka yo: yon apèl pou konstwi yon fòs entènasyonal ki pa ta sèlman yon lòt branch Nasyonzini, men yon fòs pwisan, endepandan, ki rasanble peyi ki refize tolere jenozid ak dominasyon. Pou anpil analis, se te yon chòk: èske Petro ap eseye redessine relasyon entènasyonal yo? Èske li ap eseye mete sou pye yon “nouvo mouvman non-alinye” nan epòk sa a kote pouvwa yo tounen nan konfwontasyon Oksidan ak Lès?
Nan nivo klima, Petro repete ak plis fòs toujou apèl li yo: “Mond lan gen dis ane pou aji.” Li wè kapitalis san kontwòl kòm yon pyonye destriksyon, li mande yon revolisyon ekonomik ak yon “revolisyon sivik” kote Afrik ak Amerik Latin ta dwe vin poto mitan yon nouvo modèl devlopman. Men sa raple pawòl ansyen ekriven fransè Aimé Césaire ki te deklare nan Discours sur le colonialisme : “Une civilisation qui s’avère incapable de résoudre les problèmes que suscite son fonctionnement est une civilisation décadente.” Pou Petro, sistèm aktyèl la deja nan decadans, li nesesè pou l ranplase.
Pou Ayiti, pawòl Petro yo pote yon refleksyon ki frape. Pandan n ap suiv kriz san fen lakay nou, kote pwomès lidè yo vin tounen mizik ki pa gen akò, Petro fè sonnen yon klòch: pawòl pa ase ankò. Nou abitye tande gwo deklarasyon sou refòm, sou sekirite, sou devlopman. Men reyalite a se plis mizè, plis dezòd, plis bandi. Diskou Petro a raple nou ke yon lidè ki vle sèvi pèp li dwe pa sèlman pale, men aji. Li dwe riske plas li, imaj li, pou li ka pran pozisyon ki favorize lavi moun, pa sèlman enterè pèsonèl oswa diplomatik.
Men, pandan n ap bat bravo pou kouraj Petro, fòk nou pa bliye limit li yo. Ki jan yon fòs entènasyonal endepandan ta ka egziste nan yon mond kote tout gwo desizyon yo toujou depann de Konsèy Sekirite ak dwa veto? Ki jan peyi Latin yo ak Afriken yo, ki souvan divize ak fèb nan kapasite finansye, ta ka mete tèt yo ansanm pou konstwi yon “nouvo modèl devlopman” san sipò oswa san baryè enpoze pa sistèm mondyal la? Kesyon sa yo rete louvri. Petro te pale ak fòs, men reyalite politik ak ekonomik mondyal yo toujou pote baryè.
Sepandan, editoryal sa a vle souliye yon bagay enpòtan: nan yon moman kote lidè yo souvan kache dèyè langaj diplomatik, Petro chwazi kraze silans la. Nan sa, li montre yon vizyon ki raman parèt sou tribinn Nasyonzini. E menm si pwojè li yo ka sanble itopik, pafwa se vizyon sa yo ki pouse limanite pran premye pa pou chanje.
Ayiti ta dwe reflechi: èske nou gen lidè ki gen kouraj pou pale laverite konsa? Èske nou gen lidè ki pare pou mete tèt ansanm, pou pa sèvi ak mizè pèp la kòm kapital politik, men kòm rezon pou goumen? Pandan Petro souke tribinn Nasyonzini, Ayiti ap gade tèt li nan yon glas ki klè: se pa nan pawòl vid, se nan aksyon kourajè ak vizyonè ke lavni konstwi.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une