Seremoni ofisyèl rantre lekòl la pou ane akademik 2025-2026 la ap fèt nan Lekòl Nasyonal Makiyon, lokalite nan komin Lèpèch, nan Nò peyi a. Tèm yo kenbe ane sa a se : Restore otorite lekòl la. Rantre lekòl la ane sa a konsène 4.000.000 elèv, 150.000 mil anseyan k ap travay nan anviwon 18.500 lekòl piblik kou prive.
Ayti plonje nan yon kriz sosyal, ekonomik, politik ak sekiritè san parèy. Vyolans gang ame yo ajoute nan yon kontèks sosyo-ekonomik ki difisil anpil nan peyi a, lakòz lekòl la pa ka fonksyone kòmsadwa. Sa genyen plizyè ane depi Leta, ajan edikatif yo ak paran yo pa janm fin prepare pou yon rantre lekòl ki pi byen reyisi. Yon lekòl ki te deja ap mache a plizyè vitès, jodi a plizyè kote nan peyi a pòt lekòl rete fèmen akòz prezans menas ak vyolans gang ame.
MENFP anonse yon seri mezi pou akonpanye popilasyon an pandan rantre lekòl la
Kòm mezi akonpayman pou rantre lekòl la, Minis Augustin Antoine anonse :
- Nan kad pwogram Kach Transfè Edikasyon an, avèk èd Fon Asistans Ekonomik e Sosyal, y ap bay prèske 240.000 paran yon sipò finansye. Paran sa yo se sa ki gen pitit yo nan lekòl fondamental piblik, lekòl presbiteral, lekòl kominal ak lekòl kominotè.
- Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a li menm ap bay anplwaye fonksyon piblik yo yon katòzyèm mwa salè. An plis, anseyan piblik yo ak pèsonèl edikasyon an ap resevwa yon chèk k ap egal kat (4) mwa kat debi a.
- Yo pral distribye 2.220.000 Liv inik pou klas 1e ane rive 4èm ane fondamental bay elèv ki nan lekòl piblik ak prive yo.
- Y ap fè distribisyon kit eskolè.
- Y ap fè distribisyon epi aplike Manyèl jesyon lise yo ki prevwa yon kontab ki pral okipe li an menm tan de jesyon finansye twa oswa kat lise, daprè ka ki prezante a.
- Y ap kreye yon Komite Etik ak Rann Kont nan chak Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) k ap gen pou wòl pran doleyans paran yo ak elèv yo sou tout ka abi nan kesyon lajan ki ta ka genyen, osinon tout lòt kesyon pèsonèl edikatif ak administratif la ta mele ladan li.
- Y ap ranfòse epi y ap laji Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè a nan 394 lekòl pou li ka touche 204.674 elèv nan 10 Depatman Edikasyon yo. Pou sa, genyen yon anvlòp 1.2 milya goud ki disponib. Nan lajan sa a genyen 360.000.000 goud ki sòti nan FNE. Yo swete nan manje y ap bay nan lekòl yo pou genyen 70% pwodui lokal.
- Pou repare lekòl yo, FNE bay lekòl nan Gran Nò a 170.000.000 goud epi li bay lekòl sa nan Gran Sid yo 180.000.000 goud, sa ki konsène an tou 118 lekòl piblik kou prive. FNE mete sou kote tou 58.000.000 goud pou Inivèsitè Piblik nan Rejyon nan Gran Nò a epi 52.000.000 pou Inivèsitè Piblik nan Rejyon nan Gran Sid la. Annatandan FNE rive sou Lwès, li bay yon ventèn lekòl Site Solèy yon ti kenbe kè toujou.
- Sou 5.000 demann nominasyon Ministè a bay priyorite pou ane 2025 – 2026 la, genyen 2.300 ki deja trete epi yo voye bay OMRH. Nan premye lo a, genyen 1.194 lèt nominasyon ki anrejistre, ladan yo gen 797 lèt y ap remèt bay anseyan yo avan lontan.
- Apati ane 2025 – 2026 sa a, elèv nan 1e, 2èm ak 3èm ane fondamental pa gen double pou yo. Y ap monte nan klas siperyè otomatikman.
Depi kèk tan, anpil sitiyasyon rive pou twouble oubyen pètibe kalandriye eskolè a an Ayiti. Yon peyi ki pase pi fò tan li enstab kijan pou li pa ta pwodui elèv pay, lejè, san bon jan enstriksyon ak edikasyon solid. Rezilta egzamen ofisyèl Leta bakaloreya yo temwaye echèk sistèm edikatif la. Yon sistèm edikatif kote echèk yo ap akimile ane aprè ane nan egzamen ofisyèl Leta yo. Èske ane eskolè 2025-2026 la pral diferan de ane akademik anvan yo ? Yo toujou di menm koz yo pwodui toujou menm efè yo nan menm sikonstans yo.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fikse rantre lekòl la pou ane akademik 2025-2026 la 1e oktòb. Centre à la UNE ap pwofite pou swete tout elèv nan peyi Ayiti yon bòn ane eskolè !
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE