Konsèy Sekirite Nasyonzini ap vote madi 30 Septanm 2025 la, yon rezolisyon pou transfòme Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MSS) la, k ap dirije pa Kenya, a yon fòs sipresyon gang k ap genyen jiska 5 500 sòlda.

Ayiti sekirite: ak 12 vòt pou, 3 abstansyon, O vòt kont, konsèy sekirite Nasyonzini an vote rezolisyon pou transfòme misyon miltinasyonal ak sekirite a ak yon fòs ki pou kraze gang ki ap gen yon dire yon lane. Ap genyen tou yon biwo apui ONU.

Objektif la se konbat gang k ap simen vyolans an Ayiti, ki touye plis pase 2 680 moun e deplase 1,3 milyon lòt nan yon ane.

Rezolisyon an, ki ekri pa Etazini ak Panama, vle bay fòs la kapasite pou atake gang yo dirèkteman e retabli sekirite.

Men, Lachin mete an dout efikasite san tranzisyon politik, e Larisi, ki te absan nan vòt anvan yo, ka sèvi ak veto li. Toude peyi sa yo gen dout sou enpak misyon an san yon solisyon politik ayisyen.

« Misyon an dwe gen zouti pou elimine gang yo e retabli sekirite, » deklare Christopher Landau, Depite Sekretè Deta ameriken.

Malgre sipò Etazini ak Kenya, mank finansman ak opozisyon jeyopolitik ka bloke efò sa yo. Ayiti ap tann yon repons rapid pou soti nan kriz la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841