Nan yon nòt anbasad ameriken ann Ayiti soti mèkredi 2 oktòb 2025 lan, yo fè konnen antanke manm Gwoup Patnè Pèmanan an (SGP), Peyi Etazini salye adopsyon Rezolisyon 2793 Konsèy Sekirite Nasyonzini an, ki te transfòme Misyon Miltinasyonal Sipò pou Sekirite a (MMSS) an Fòs represyon Gang (GSF) nan dat 30 septanm lan epi ki pwolonje otorizasyon Chapit VII fòs la ann Ayiti san entèripsyon.
Etazini di li rekonesan anvè tout patisipan pèmanan nan misyon GSF la, ki te gentan ap opere nan estrikti ki deja egziste yo, pandan SGP a ap kòmanse travay li pou elaji fòs la. Nan pèspektiv sa a, yo rapousib pou di yo pa ka tann pou yo travay avèk Gwoup Patnè Pèmanan an pou asire ke GSF a rive nan tout potansyèl li epi elaji dimansyon li an patenarya avèk yon Biwo Sipò Nasyonzini ann Ayiti (UNSOH) ki pral finanse pa kontribisyon obligatwa Nasyonzini yo.
Etazini fini pou di yo felisite fòs sekirite ayisyen yo ki te defann nasyon yo avèk kouraj, ansanm ak GSF la pou sipò san fay li nan lit kont gang yo epi pou retabli yon nivo sekirite debaz pou pèp ayisyen an.
N ap siyale Pou sipòte fòs ki ap gen misyon elimine gang yo Ayiti, Inyon ewopeyèn anonse mèkredi 2 oktòb 2025 lan, l ap bay yon kontribisyon 10 milyon ewo. Òganizasyon an di y ap kontinye sipòte pèp ayisyen an.