Apwovizyònman, enstalasyon restoran ak distribisyon kit, Fon Asistans Ekonomik e Sosyal (FAES) reyalize 3èm misyon li nan Sant. Objektif misyon sa se te pou apwovizyone sèt (7) restoran kominotè yo ki deja an aktivite ak distribiye kit sanitè avèk moun ki deplase yo, epi enstale de (2) restoran siplemantè.

Delegasyon an te konpoze ak plizyè kad nan FAES, Direksyon jeneral Pwoteksyon sivil (DGPC), Ofis nasyonal migrasyon (ONM) ak ministè Afè sosyal ak travay (MAST), li te akeyi pa majistra plizyè komin nan depatman an pami yo Boukan Kare, Beladè ak Tomond. Delegasyon an te pwofite vizit sa pou enstale de (2) nouvo restoran kominotè nan komin Savanèt ak Beladè, sa ki pote a nèf (9) nonm total restoran kominotè nan depatman Sant la.

Jean Sadrack Jean François ki se direktè Lit kont povrete nan FAES deklare : << Nou isit la nan kad yon vizit woutin enspeksyon ak apwovizyònman restoran kominotè ki enstale nan plizyè komin nan depatman Sant la, pami yo nan Boukan Kare. Vizit sa koyenside tou ak fèt Sen-Michèl ki se patwon komin nan. >> Jean Sadrack Jean François ajoute pou di vizit sa temwaye volonte KPT a ak gouvènman an pou pote yon soutyen konkrè avèk fanmi deplase yo akòz vyolans gang.

Se yon inisyativ plizyè benefisyè salye, menm si li konstitye yon solisyon pwovizwa. Plizyè manm nan popilasyon an estime veritab soulajman an ap vini se lòske yo retounen lakay yo.

Restoran kominotè yo ki enstale depi plizyè mwa nan diferan komin nan depatman Sant la, FAES apwovizyone yo chak 30 jou, anba pwoteksyon gouvènman an ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT). N ap fè remake pandan misyon sa, delegasyon an te vizite sitou komin Boukan Kare ki an plèn selebrasyon fèt sen patwon li, Tomond ak Beladè.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.