Petuelle Siméon se non jèn enfimyè sila ki akize pè Marc Arthur Émile ki se kire pawas Sen Lwi Jeremi kòm moun ki ta vyole li plizyè fwa.

Daprè sa viktim nan fè konnen, li te pran desizyon pou rann dosye a piblik apre li te vin santi l endinye, blese sikolojikman ak moralman. Sitiyasyon an, daprè li menm, li te vin gen gwo efè sou sante fizik li, rive jouk li te konn gen panse pou touye tèt li.

Petuelle fè konnen li majè, epi pa gen okenn moun ki dèyè aksyon li pou mete eskandal sa devan piblik la. Li di li pa t janm gen okenn relasyon amourez ak pè a. Selon deklarasyon li, pè Marc Arthur Émile te pwoche bò kote li sou pretèks pou ede l peye frè lekòl ak inivèsite.

« Kote bèl ti grenn sa te kache ? »
Pawòl pè a te di li pandan li t ap pwopoze l èd sa a, selon viktim nan.

Li ajoute tou depi li fè dosye a sòti, li ap resevwa menas lanmò nan men moun ki pre pè a ak lòt moun ki, dapre li, se akolit li yo.
« Nan dosye sa, li ta pito kadav, li ta pito pa la ditou, » se kèk menas viktim lan di l te resevwa.

Petuelle Siméon di eskandal sa a fè li santi l imilye, pèdi diyite ak valè li. Li rakonte li te kontakte plizyè fwa monsenyè Gontrand Décoste, evèk Jeremi a, pou denonse sitiyasyon an, men san rezilta klè. Evèk la ta di l pè Marc Arthur te deja pran an chaj dosye a.

Apre kèk negosyasyon, te gen yon antant ant moun legliz la ak moun nan lajistis Jeremi, kote yo te fikse yon montan 40 000 dola ameriken kòm konpansasyon. Daprè enfòmasyon yo, pwòch pè a te deja vèse 25 000 dola ameriken sou kont viktim nan.
Malgre sa, Petuelle fè konnen li kontinye resevwa menas epi rès lajan an poko peye. Se sa ki pouse li pote dosye a devan laprès ak lajistis.

Sou bò pa l, pè Marc Arthur Émile rejte tout akizasyon vyòl la.
Li di li te sèlman ede jèn fanm nan depi 2016, lè li te finanse etid li nan Kolèj Sen Lwi Jeremi, peye frè inivèsite li pandan 4 lane nan syans enfimyè, epi sipòte fanmi li.

Pè a montre tou yon lèt li di li te resevwa de men Petuelle Siméon nan dat 5 avril 2025, ki te make konfidansyèl. Nan lèt sa, dapre sa pè a rapòte, viktim nan ta ekri: « Aprè 9 lane mwen avè w, ou pa fè anyen serye pou mwen, kounye a mwen vle pou ou ban mwen yon tèren ak 4 pyès kay, sinon m ap avili w, m ap mete dosye a nan lari pou fini avèw. »

Pè Marc Arthur Émile deklare lèt sa a se prèv li t ap sibi chantaj, e li di fanmi l te dakò peye pri chantaj la pou pwoteje imaj li ak legliz la.

Malgre sa, li nye tout akizasyon ki gen rapò ak zak vyòl oswa konpòtman konpwètan anvè Petuelle Siméon.

@LuneActu

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841