Lè Karl Marx t ap ekri nan 19yèm syèk la, li te esplike kijan eta se yon zouti klas dominan an itilize pou kenbe pouvwa li. Nan lojik Marx la, lapolis se youn nan zam prensipal leta sèvi pou asire dominasyon sosyal la. Lapolis la pa sèlman yon enstitisyon ki fè respèkte lòd piblik, men se yon fòs ki sèvi enterè ekonomik ak politik moun ki sou pouvwa a. Marx te di : Leta se yon komite jeneral ki jere zafè klas boujwa yo. Lapolis, nan sans sa, se bra ki fè lòd boujwa a respekte, menm lè lòbey sa vle di kraze rèv mas pèp la.

An Ayiti, pawòl sa yo jwenn tout sans yo. Lapolis la te pran nesans nan lane 1995, ak bèl espwa pou kreye yon fòs repibliken, pwofesyonèl, ki soti nan pèp la e ki sèvi pèp la. Men 30 lane aprè, nou wè reyalite a tounen yon trajedi. Lapolis la, pito vin sèvi kòm zam politik nan men pouvwa yo. Chak gouvènman sèvi ak li selon enterè pa yo. Lè li bezwen reprime, li bay lòd tire sou manifestan. Lè li bezwen fè makiyaj, li fè parad ak machin blende pandan pèp la ap mouri grangou. Lapolis la vin tounen, jan Marx te di, gad kò sistèm opresyon an.

Nan lojik Marxism lan, fòk nou konprann lapolis pa endepandan. Li pa egziste pou defann jistis an jeneral, men pou defann lòd sosyal moun rich yo. Lè ou gade Ayiti jodi a, ou wè menm dinamik la : se sitou katye popilè yo lapolis ak fòs miltinasyonal antre tire, pandan gwo katye tankou Petyonvil, Delmas, ak Tabarre rete anba pwoteksyon espesyal. Lè pèp la mande jistis, yo di fòk gen estabilite; men lè sistèm nan mande represyon, estabilite sa pa vle di anyen ankò.

Marx te fè konnen, si ou vle chanje yon sosyete, ou pa ka konte sou lapolis li. Paske fòs sa fèt pou bloke revolisyon, pa pou akonpaye li. Ayiti se yon egzanp klè : depi ane 2000 yo, chak fwa pèp la leve pou mande chanjman, se menm lapolis sa ki sèvi pou kraze mouvman yo. Lè yo di lapolis ap sèvi ak nasyon an, an reyalite, se ak nasyon ki sou pouvwa a li sèvi.

Men gen yon lòt fas nan meday la : lapolis ayisyen an li menm tounen viktim sistèm lan tou. Polisye yo ap viv nan mizè, san asirans, san bon salè, san lojman. Yo ekspoze ak lanmò chak jou, pandan gwo chèf politik ap touche milyon. Marx te di sa tou : Nan yon sistèm ki fonde sou esklavaj, menm gad esklav la se yon esklav tou. Se sa n ap viv an Ayiti : lapolis la sèvi sistèm lan, men li tou viktim sistèm lan.

Fòs Marxism lan se raple nou ke okenn chanjman pa posib san yon refòm estriktirèl. Si lapolis la ap kontinye sèvi ak menm moun ki detwi peyi a, li pap janm ka defann pèp la. Fòk gen yon lapolis popilè, òganize sou baz kominotè, ki pa depann de volonte politisyen ni entèvansyon etranje. Lapolis pa dwe yon zouti pèsonèl, li dwe yon sèvis piblik. Men pou sa rive, fòk pèp la retounen pran kontwòl sou sa ki fèt an non li.

Lapolis la se glas sosyete a. Si peyi a ini nan jistis, lapolis la ap reflete jistis sa. Men si sistèm lan pouri, lapolis la ap santi menm jan. Marxism lan pa di n dwe rayi lapolis, men li raple nou : fò nou konprann ki enterè lapolis la ap sèvi. E pandan peyi a ap viv anba menas, ensekirite ak enpinite, kesyon Marx la tounen plis aktyèl pase tout tan : Kiyès lapolis la ap pwoteje, kiyès li ap oprese?

Jean Launy Avril editoryalis-Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar