Gen dat nan listwa ki pa janm pase tankou lòt jou. 17 oktòb 1806 se youn ladan yo. Jou sa a, tè a tranble nan Pòtoprens. Pa t gen tranbleman tè natirèl, men se konsyans nasyonal pèp ayisyen an ki te frape pa gwo kout kouto trayizon, lè kèk nan pitit menm revolisyon an te leve men sou papa nasyon an Jean-Jacques Dessalines. Revolisyonè ki te kraze chenn, men ki mouri anba men parèy li, nan non pouvwa, anbyans ak rayisman klas.
Dessalines te senbòl onètete, disiplin, travay ak jistis sosyal. Li te wè endepandans lan pa sèlman kòm yon drapo, men kòm yon sistèm kote tout pitit peyi a ta viv ak diyite. Men, 219 lane aprè, nou gade bò kote nou e nou mande tèt nou: èske lanmò Dessalines la sispann nan 1806? Non. Li kontinye chak fwa pèp la swaf jistis epi li jwenn trayizon. Chak fwa moun k ap dirije pito sèvi tèt yo olye sèvi nasyon an, se yon lòt kout kouto nan kè Dessalines.

Ayiti jodi a, se yon tè ki plen “pitit Dessalines” nan bouch, men ki vid nan aksyon. Tout moun deklare yo se pitit li, men rèl la sèlman nan 17 oktòb. Se jou sa yo tout pale, tout mete flè, tout fè bèl diskou. Epi 18 oktòb, yo tounen kont espri li. Yon pèp ki ap mouri grangou, yon peyi kote edikasyon se privilèj, kote jistis vann, kote gouvènman ap negosye ak malfektè. Si Dessalines ta leve jodi a, li ta mande: “Eske se pou sa mwen te mouri?”
Dessalines te di: Pèp Ayisyen, sonje kè ou se te lanmou pou libète.” Men kè pèp la, yo fin fè l frèt ak mizè, ak manipulasyon politik, ak pè, ak vyolans. Sa ki pi tris, se wè menm pèp la ki te leve kont chenn blan, jodi a rete an silans devan chenn gang, chenn koripsyon, chenn ensekirite ak chenn enpinite. Nou pa bezwen kannon ankò pou libere peyi a; nou bezwen konsyans, kouraj, ak volonte moral.
17 oktòb pa dwe rete yon fèt nasyonal sèlman. Li dwe tounen yon jou refleksyon sou valè moral ak politik nou pèdi yo. Se moman pou nou mande tèt nou: nan ki nivo nou trayi Dessalines? Èske nou rete fidèl ak objektif li te genyen pou nasyon an? Dessalines te kwè nan endepandans ekonomik, nan pwodiksyon, nan travay tè, nan pwòp fyète nou. Men jodi a, peyi li t ap bati a, vin tounen yon tè depandans, ap tann èd, ap mande padon.
Pou fini, nou ka di Dessalines pa mouri nèt. Li viv nan memwa nou, men li bezwen reviv nan aksyon nou. Chak fwa nou kanpe pou defann verite, chak fwa nou chwazi travay onèt olye trayi, chak fwa nou leve pou peyi a, se yon ti moso nan Dessalines k ap leve ankò.
Se pou 17 oktòb 1806 pa tounen yon dat senp nan liv listwa, men yon apèl kont trayizon, kont koripsyon, e kont peche kolektif nou kòm pèp ki bliye rasin li.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une