Vandredi 17 pou louvri samdi 18 oktòb 2025 la, yon gwo eskonbrit ak eskandal pete nan baz BOID la ki se « Brigad Entèvansyon ak Operasyon Depatmantal », kote plizyè polisye, pami yo anpil medam ki apenn entegre inite a, lanse yon kokennchenn diskisyon antre yo ki lye ak ansyen responsab BOID la ki se enspektè Joseph Hygens.

Selon enfòmasyon ki rive jwenn nou de plizyè sous polisyè, ansyen Responsab Hygens DG Normil Rameau te mete nan tèt BOID la, t ap kraze inite a nan plizyè sans: Li dilapide fon divès misyon kote li « Li te lage nan kouche anpil nan polisye fanm yo (fè krèy ak yo), epi pran rès lajan sa yo ale nan jwe aza nan Kòlmado ki nan Elrancho nan komin Petyonvil.

« Yè swa ki te 17 oktòb la pou louvri maten samdi 18 pa, medam BOID yo t ap fè anpil zen antre yo, gen youn ladan yo ki menm arive kriye. Li di l regrèt li te fè sa, men se presyon ansyen responsab la te fè sou li epi li te ofri li gwo privilèj. » Se sa yon sous polisyè di nou.

Yon lòt polisye nou te pale sou sitiyasyon an te reponn nou nan mo sa yo : « Nou menm ki fenk entegre inite BOID la, nou viktim anpil anba men polisye Hygens. Ansyen responsab la fè presyon sou plizyè nan medam yo, li menm rive pran menaj plizyè polisye, epi li di si nou denonse sa l ap transfere nou osnon l ap ba nou gwo sanksyon. »

Selon sous polisyè nou pale yo, lajan sa yo ansyen responsab BOID la Hygens pran pou ale kouche medam yo epi jwe aza a, se kòb li te gen nan men li pou plizyè operasyon polisye sa yo te patisipe.

« Nou vle jwenn tout kòb misyon nou te pèdi yo, tankou misyon Kenskòf, a
Akayè, Pako. Nou vle jwenn fon misyon finans lan nan men ansyen responsab Joseph Hygens ak tout responsab pesonèl li a ki se Polisye Elipha Léotude (BOID 2) », polisye o deklare.

« Sou kesyon materyèl ak ekipman. Nou aprann plizyè zam ansyen DG Normil Rameau te remèt inite BOID la pa t janm remèt lè enspektè Hygens te kite pòs li. Chak zam sa yo te gen omwen twa (3) chajè rezèv, jiska prezan yo rete san tras ofisyèl. » Se sa polisye yo ekri.

Finalman, polisye BOID yo mande aktyèl DG PNH la, Vladimir Paraison ak tout responsab IGPNH la pou yo panche sou dosye sa tout yo pou byenèt PNH la ak pou yo menm tou ki se anjen tèren. Yo raple DG Paraison li te kòmanse, li dwe fini ak dosye sa yo pou yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...