Gen kèk nouvèl ki tèlman blese nanm yon pèp, yo pa bezwen gwo analiz pou montre kijan yo sakaje diyite n ap pote kòm nasyon. Sa k soti nan Fakilte Medsin Jérémie a, kote yo afiche klèman Le créole est formellement interdit, se pa yon ti aksidan, se yon senbòl yon senbòl trayizon, inyore sans listwa ak valè pèp Ayisyen.
Nan peyi kote kreyòl se lang manman, lang inite, lang endepandans, jan nou ka tande l nan pawòl Desalin ki te di : Pou n ka gen yon peyi pa nou, fòk n pale pa nou. se yon krim moral, entèlektyèl ak kiltirèl pou entèdi sa ki se fondasyon idantite nou.
Kisa k rive pou, plis pase de syèk aprè revolisyon 1804 la, gen moun ki toujou ap chache fè pèp la wont pale lang li? Èske se pa nan kreyòl nèg Ginen te leve flanm libète a? Èske se pa nan kreyòl nou aprann chante, priye, panse, analize? Kisa yon inivèsite vle fòme lè li kòmanse pa denigre sa ki fòme pèp li? Yon doktè ki aprann medsin an franse sèlman, men ki pa ka esplike pasyan li an kreyòl sa ki rive l, se yon doktè ki trete kò, men ki pa janm geri nanm.
Entèdiksyon sa a se plis pase yon zak imilyasyon, se yon form idolatri lengwistik kote franse vin tounen senbòl entèlijans pandan kreyòl toujou reprezante pèp. Men ki sosyete ki ka avanse lè elit li yo ap repouse sa ki fè yo pèp? Lè yo pito sèvi ak lang kolonyal la kòm mak pouvwa, olye sèvi ak li kòm zouti konesans?
Nou pa ka pale de refòm edikasyon, de devlopman sosyal, ni menm de inivèsite nasyonal, si nou kontinye refize reyalite lengwistik majorite a. 98% Ayisyen panse, reve, priye, santi an kreyòl. Kisa n ap chèche rive ak yon sistèm edikatif ki entèdi pifò moun konprann? Sa se pa devlopman, se yon kolonyalism enteryè, yon servitude volontaire, jan Etienne de La Boétie te dekri l. Ayiti se sèl peyi ki deklare endepandans li nan lang pèp li e jodi a, menm lang sa a vin yon délit nan espas ki ta dwe pi lib la : inivèsite. Sa montre jan kolonizasyon pa sèlman te kite chenn nan pye nou, men li mare nan lespri nou tou. Lè nou entèdi kreyòl, nou pa entèdi sèlman yon lang, nou entèdi pwòp kapasite pou panse, pou reflete, pou devlope.
Se pou leta pran pozisyon klè sou dosye sa, paske se pa yon ti afich, se yon atak dirèk kont Konstitisyon 1987 la ki di nan Atik 5 : Tout moun gen dwa sèvi ak kreyòl ak franse kòm de lang ofisyèl Repiblik la. Se dwa, se diyite, se nasyonalite. Pa gen okenn inivèsite, okenn direktè, okenn pwofesè ki anwo lwa sa.
An nou sonje pawòl Frantz Fanon ki te di : Dominer une langue, c’est dominer une culture. Lè nou entèdi kreyòl, nou aksepte dominasyon.
Centre à la Une di sa klè : kreyòl pa gen pou l defann tèt li, se nou ki gen pou defann li. Si yon fakilte medsin vle fòme doktè, fòk li pa tounen maladi. Entèdi kreyòl, se entèdi Ayiti.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une