Direksyon fòmasyon ak pèfeksyònman nan syans sante (DFPSS) anonse lansman ofisyèl enskripsyon nan egzamen Leta pou Direktè ak Responsab Enstitisyon k ap bay Fòmasyon nan Odontoloji ak nan Famasi jwenn pèmi pou egzèze, sòti 3 pou rive 28 novanm 2025. Chak kandida ap genyen pou peye yon frè enskripsyon ki evalye ak kenz mil (15 000) goud. Montan sila ap genyen pou bay sou fòm yon chèk de direksyon alòd Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an fonksyon nonm kandida ki kenbe yo.
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pa mwayen Direksyon Fòmasyon ak Pèfeksyònman nan Syans Sante (DFPSS) enfòme responsab enstitisyon k ap bay fòmasyon nan Odontoloji ak nan Famasi ki rekonèt, nan yon sikilè nan dat 20 oktòb 2025, lansman ofisyèl enskripsyon nan egzamen Leta pou filyè Odontoloji ak Famasi.
Kidonk, enskripsyon yo ap louvri sòti 3 pou rive 28 novanm 2025. Dosye chak kandida dwe genyen ladann eleman sa yo : NIF, NINU, Ak nesans oubyen ekstrè achiv, Diplòm Bak 1 ak 2 oubyen Bak Inik, 2 Foto idantite resan, Relve nòt kat (4) ane etid, Diplòm fen etid, Dokiman travay fen etid.
DFPSS raple frè enskripsyon an se 15 mil goud pa kandida. Li pwofite mande pou enstitisyon k ap bay fòmasyon nan domèn Odontoloji ak Famasi yo pou fè diplome ak etidyan ki konsène yo jwenn enfòmasyon sa.
Direksyon fòmasyon ak pèfeksyònman nan syans sante ajoute pou mande diplome nan famasi dwe prezante anplis avèk yon bilten travay pratik ak yon bilten estaj pratik. Epi diplome nan odontoloji pou yo menm tou prezante avèk yon rapò travay pratik nan labo, yon rapò estaj pratik nan klinik inivèsitè, yon rapò estaj ekstèn, yon rapò estaj espesyalize.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE