Mélissa sòti nan ond twopikal pou pase nan tanpèt twopikal. Tanpèt sila twouve li sou lanmè Karayib la, daprè prezantatris meteyowoloji a Chrisnette Saint-Georges. Sa ap lakòz genyen gwo lapli, gwo van, gwo loraj sou Ayiti sitou nan depatman Sid.
Tanpèt twopikal Mélissa ki pran fòm nan basen Karayib la madi 21 oktòb 2025 la fè gwo menas danje peze sou Ayiti. Pi gwo menas yo rete pou kounye a pou depatman Sid ak Lwès ki kapab kòmanse resevwa gwo van ak gwo lapli apati jedi 23 oktòb la.
Madi 21 oktòb 2025 la, nan 11 zè nan maten, van yo t ap soufle nan vitès 85 km/lè. Mélissa ap mache dousman, sa fè li difisil pou yo prevwa ki wout l ap pran tout bon. Men, genyen previzyon ki montre li ta kapab chanje direksyon epi li pase sou Ayiti. Devan gwo menas gwo lapli, gwo van, inondasyon, deboulonnay tè ak move lanmè tanpèt twopikal Mélissa fè pandye sou tèt peyi d Ayiti, Pwoteksyon sivil mande popilasyon an rete veyatif epi suiv tout konsiy sekirite yo.
Ayiti, tanpèt twopikal Mélissa : atansyon danje !
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE