Kreyolofoni-FLA 2025 : yon semèn aktivite pou selebre Lang ak Kilti Kreyòl.

Se sou tèm «Lang ak Kilti Kreyòl : Pwogrè, Potansyèl ak Nouvo Pèspektiv» Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) nan Inivèsitè Leta d Ayiti ap òganize yon semèn aktivite pou selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl ane sa a (oktòb 2025).

Aktivite sa yo ap reyalize soti madi 21 pou bout madi 28 oktòb 2025 an liy, sou platfòm Google meet kote plizyè espesyalis pral abòde diferan tematik an rapò ak Lang ak Kilti Kreyòl la.

Tout moun ki ta renmen patisipe nan semèn aktivite sa a ap kapab konsilte kalandriye a epi konekte apati lyen sa a : https://meet.google.com/xsy-eirf-rhx.

N ap raple Fakilte Lengwistik Aplike te deja lanse selebresyon kreyolofini an ane sa a avèk plizyè atelye deba ak fòmasyon li te òganize soti mwa jen pou debouche sou dènye semèn aktivite sa a.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841