Nan objektif pou devlope yon sinèji ant aktè ki ap chèche solisyon dirab pou pwoteje ak prezève anviwonman, direksyon depatmantal anviwonman Sant reyalize 7èm sesyon tab sektoryèl li sou anviwonman ak klima nan bibliyotèk vil Emch nan mitan mwa oktòb 2025 la.

Inisyativ sa pran nan kad « programme d’appui de l’alliance mondiale contre le changement climatique et l’adaptation pour le dévéloppement des energies vertes. » e ki jwenn sipò LINYON EWOPEYÈN.

7èm sesyon tab sila te reyini divès otorite tankou reprezantan vis-delegasyon Ench, lameri, lapolis ak òganizasyon nan sosyete sivil la plis notab plizyè komin nan depatman an.

Marc-Albert Calixte ki se yon kad nan direksyon depatmantal la te fè yon prezantasyon sou kanpay nasyonal prelèvman echantiyon sòl.

Yon lòt pa agronòm Jean Dumanes te prezante yon tematik pou sansibilize patisipan yo sou chanjman klimatik ki se yon gwo menas sou kominote ayisyèn nan. Kote li te mande tout moun pou devlope yon konpòtman responsab nan tout aksyon y ap poze pou evite jenerasyon ki ap vini aprè yo peye tèt kase.

Responsab tèren òganizasyon entènasyonal HEIFER a Robenson Noël, prezante yon ansanm aksyon òganizasyon an ap fè nan depatman an. Li presize pou di: HEIFER kreye plizyè platfòm kominotè kote yo entèvni sou twò komin fwontalye tankou: Tomond (Lawòl), Tomasik (Losyann), Sèkalasous (Lamyè) nan projè agri-front yo genyen pou bay bourad ak agrikilti nan kominote sible yo.

Direktè depatmantal sant lan Yves Augustin, ki te pran lapwòl nan okazyon an fè konnen anvironman pa sèlman depann de yon grenn aktè men pito plizyè aktè se sa ki fè yo vini ak lide tab sektoryèl pou tout aktè ka pote kole pou yon anvironman sen. Direktè a rapousib pou di tab sektoryèl la kreye tou nan lide pou gade kisa patnè yo ap fè nan inisyativ anvironmantal yo ke yo lanse yo. Egalman sansibilize popilasyon an sou angajman yo dwe pran pou pwoteje anviwonman.

Plizyè patisipan te konplimante inisyativ la tankou agronòm Alexander Placide, Remy Raphaël epi pran angajman pou kontinye lite nan kominote yo pou kontribye pou yon anvironman akseptab pou moun viv.

N ap raple direksyon depatmantal anviwonman an reyaktive yo komite sitwayen ak ekspè pou gade kòman yo ka reflechi ansanm pou jwenn solisyon pou jere koze dechè nan chèf lye depatman an. Yon inisyativ majistra Midelove ADRIEN ki te prezan akeyi ak de (2) bra.

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841