Anviwon 1 500 moun deplase nan komin Kanperen, sa ki agrave kriz deplase entèn yo. Malgre pwomès otorite santral yo te fè, prezidan Asosiyasyon majistra nan Sid yo, Frisnel Chéry afime majistra yo pa resevwa okenn èd jiskaprezan, alòske plizyè fanmi genyen bezwen èd.
N ap raple depi kòmansman semèn nan, ouragan an entansifye epi li klase kategori 5. Sèvis meteyowoloji prevwa anpil lapli ak van vyolan. Se pi gwo siklòn ki pi puisan ki pa janm anrejistre depi ouragan Gilbert an 1988. Fas a menas sa, Pwoteksyon sivil kenbe alèt wouj ki te deja dekrete sou depatman Sid ak Grandans lan. Selon espesyalis yo, pou pi piti 164 milimèt lapli yo anonse t ap tonbe ant lendi 27 ak madi 28 oktòb la. Pwoteksyon sivil mande popilasyon an sitou moun Gran Sid yo pou aplike pridans.
Ouragan Melissa atenn apoje li. Depi fen wikenn pase a li dezòmè klase an kategori 5, selon Sant ameriken ouragan (NHC). Van vyolan kapab atenn jiska 200 kilomèt/h epitou gwo avès oraje rive lendi pase a, se sa NHC presize. Jiskaprezan genyen 3 moun ki mouri nan depatman Sid ak plizyè lòt blese.
Tanpèt Melissa te ravaje simetyè Chabonyè ki nan depatman Sid. Lanmè a patikilyèman ajite te anvayi tè fèm nan epi detwi konplètman simetyè a nan komin nan. Kidonk, ouragan Melissa te dezòmè klase an kategori 4. Li te sitiye l a anviwon 195 km nan sidès Kingston (Jamayik) epi a 450 km nan sidwès Guantanamo (Kiba). An Ayiti, otorite yo mande pou popilasyon an aplike vijilans. Kondisyon meteyowolojik ekstrèm kapab antrene glisman tèren, mouvman ondilasyon lanmè a, ogmantasyon rapid nivo rivyè yo, pou n site sa yo sèlman pami ris yo.
Si daprè previzyon yo je Melissa te kapab kite rejyon an disi madi 28 oktòb la, jiskaprezan ouragan Melissa ap taye banda sou Ayiti prensipalman nan depatman Sid ak Grandans. Kilè definitivman Melissa ap kite rejyon an ?
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE