ouragan Melissa deja fè 20 mò pami yo 10 timoun epi genyen 10 lòt moun disparèt nan Tigwav, nan depatman Lwès. Moun sa yo viktim nan Tigwav pandan rivyè Ladig ap desann. Direktè Pwoteksyon sivil la fè konnen ekip sekou yo sou plas ap kontinye travay.

Tigwav pou pi piti yo jwenn 20 kadav aprè rivyè Ladig ki monte disèt wotè pote ale sou pasaj li plizyè kay epi inonde vil la nan lannuit madi 28 oktòb 2025 lan. Majorite viktim yo se timoun, selon presizyon plizyè medya. Pou moman an, rechèch yo ap rapousuiv. Toutfwa, plizyè lòt moun disparèt ak gwo dega materyèl anrejistre.

Tigwav peye deja yon chaj lou pandan pasaj #ouraganMelissa. Yo pale pou pi piti 20 moun pèdi lavi yo epi plizyè lòt disparèt maten mèkredi 29 oktòb la, aprè rivyè Ladig kite wout li epi inonde yon gran pati nan vil la, daprè temwayaj plizyè abitan. Rechèch yo ap kontinye maten mèkredi sa alòske plizyè fanmi ap tante toujou retwouve pwòch yo. Konsekans pasaj Melissa patikilyèman vizib kote anpil kay kouvri anba dlo ak divès wout koupe.

Fas a pwogresyon ouragan Melissa ki dezòmè klase kategori 5, otorite ayisyèn yo deside pou dekrete mèkredi 29 oktòb 2025 la « jounen chomaj nasyonal », selon yon kominike Sekretarya jeneral Prezidans lan. Mezi sa vize antisipe epi limite enpak pasaj Melissa k ap frape deja Jamayik kote plizyè viktim resanse. Konsèy prezidansyèl tranzisyon an enstui gouvènman an, otorite lokal yo, lapolis ak Sistèm nasyonal jesyon ris ak dezas (SNGRD) pou ranfòse dispozitif pou prevansyon ak apui a popilasyon an sou tout tèritwa a.

Ouragan Melissa : 20 mò ak plizyè disparèt nan Tigwav. Komin Tigwav ki sitiye nan depatman Lwès frape fò pa pasaj ouragan Melissa ki kite dèyè yon bilan lou moun ak materyèl. Selon enfòmasyon kòrespondan de près yo rekeyi, pou pi piti 20 moun fè vwèl pou peyi san chapo ak plizyè lòt disparèt aprè ogmantasyon men wotè nivo rivyè Ladig nan maten mèkredi 29 oktòb la.

Okay : inondasyon nan kè vil la. Alòske depatman Sid plase an vijilans wouj an rezon apwòch ouragan Melissa, plizyè ri nan sant vil Okay inonde. Sitiyasyon sa paralize lajman aktivite kòmèsyal, eskolè ak transpò yo pou madi 28 oktòb la.

Ouragan Melissa : senk depatman plase sou vijilans wouj. Fas a menas ouragan Melissa, otorite ayisyèn yo elaji madi 28 oktòb la vijilans wouj a senk depatman : Lwès, Nip, Sid, Sidès ak Grandans. Pwoteksyon sivil mande popilasyon an pou trè vijilan an rezon ris elve inondasyon, glisman tèren ak van vyolan.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841