Madi 4 novanm 2025, Administrasyon Jeneral Ladwann (AGD) te lanse yon aktivite enfòmasyon piblik ki rele « Ti kozri ak Ladwàn ». Pandan aktivite a, Direktè Adjwen Siveyans Ladwann lan, Yvener Neptune, fè konnen enpòtasyon gadjè seksyèl tankou : sèktòy, vibromasè, godemiche, Tiflè ak fo peni entèdi pou antre ann Ayiti, selon dispozisyon atik 42 Kòd Ladwann lan, ki vize tout atik “obsèn oswa pònografik. Li site tou atik 304 menm Kòd la, ki klase antre sa yo kòm zak kontrebann si yo pa deklare ofisyèlman bay otorite ladwann yo.

Deklarasyon sa a imedyatman pwovoke anpil reyaksyon nan sosyete a, sitou lakay bò kote Medam yo. Pou anpil nan yo, mezi sa a se yon fòm limitasyon sou dwa moun pou jere pwòp kò yo ak pwòp seksyalite yo. Yo kwè Leta dwe plis reglemante itilizasyon ak komès pwodwi sa yo olye pou l entèdi yo nèt, selon Alexandra ki se komikatè sosyal.

Nan lòt bò, plizyè ekspè nan domèn lasante seksyèl, tankou ; Dr. Jennifer Berman, Urologist ekspè nan sante seksyèl, a travè yon travay rechèch fè konnen sekstòy ka efektif pou trete difikilte ògasm nan fanm ki fè menopoz. Yon lòt kote seksològ fransèz Caroline Le Roux, raple sèktoy yo gen tou yon valè medikal ak terapetik kidonk yo ka sèvi nan tretman pwoblèm tankou disfonksyonman seksyèl, difikilte ògasm oswa doulè pandan rapò seksyèl.

Sepandan, selon kèk pwofesyonèl lasante ak plizyè rechèch, 1) The Role of Vibrators in Women’s Pelvic Health (2024), wòl vibratè nan sante vajinal fanm. 2) Sex Toys: Benefits and Negative Health Implications (2022) jwè sekyèl avantaj e konsekans negativ sou lasante. Mete nou an gad sou divès risk itilizasyon gadjè seksyèl tankou : sèktòy, tiflè, godemiche elatriye, sou sante fizik ak mantal moun, notamman ; risk enfeksyon, iritasyon oswa pwoblèm sikolojik sitou lè yo itilize materyèl sa yo san bon ijyèn oswa san konsèy medikal.

Paralèlman itilizasyon sèktòy la, paka abòde sou yon aspè sèlman moral, men li merite yon deba piblik ki baze sou edikasyon seksyèl, sante piblik, ak respè pou libète endividyèl ki tabli Dwa moun, selon psiko-pedagòg Zacharie Brutal.

Jefferson Bonissant Centre à la Une.