Daprè kalandriye elektoral KEP la voye bay egzekitif la yè vandredi 14 novanm 2025 lan, enstitisyon an anonse li prevwa òganize eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo 30 out 2026.
Pibliyasyon rezilta preliminè yo fikse pou 8 septanm, tandiske rezilta definitif premye tou a ap pibliye 3 oktòb.Dezyèm tou eleksyon prezidansyèl yo ansanm ak eleksyon lejislatif yo pwograme pou 6 desanm 2026.

Nan menm dat sa a, KEP a prevwa tou òganize eleksyon lokal yo.Pou rezilta definitif eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo, KEP a fikse dat 7 janvye 2027.KEP a presize dat sa yo ap rete valab sèlman si kondisyon sekirite yo pèmèt òganizasyon eleksyon yo nan tout peyi a.