Eliminatwa Mondyal 2026 : Ayiti dezòmè byen pozisyone pou dekwoche tikè k ap ba li dwa pou dispite dezyèm Koupdimonn FIFA li.
Seleksyon ayisyèn foutbòl la siprann Kosta Rika (1-0), jedi 13 novanm 2025 lan pandan 5èm jounen eliminatwa a. Viktwa sa pèmèt Ayiti genyen (8 pwen +1) epi pran dezyèm plas la ak menm kantite pwen avèk Ondiras (8 pwen +4), ki toujou lidè malgre defèt li (0-2) lakay Nikaragwa. Kosta Rika desann nan twazyèm plas la avèk 6 pwen epi Nikaragwa twouve li nan katriyèm plas la avèk 4 pwen.
Sizyèm ak dènye jounen an pral fèt madi 18 novanm nan. Ayiti ap resevwa nan Willemstad Nikaragwa li te bat nan match ale a (3-0). Si Grenadye yo bat, epi anmenmtan Kosta Rika ak Ondiras fè match nil, Ayiti kapab valide tikè kalifikasyon li pou pwochèn Koupdimonn lan. Men, si Ondiras fè viktwa, seleksyon ayisyèn foutbòl la pral genyen dwa pou pase pa baraj.
N ap raple, premye nan chak gwoup yo ap kalifye dirèkteman pou Mondyal 2026 la. De (2) meyè dezyèm yo prale nan baraj.

Ayiti nan gwoup C akonpanye Kostarika, Ondiras ak Nikaragwa. Gwoup B : Jamayik, Kiraso, Trinidad & Tobago, Bèmid. Gwoup A : Panama, El Salvador, Gwatemala, Sirinam.
Seleksyon nasyonal la genyen pou li jwe yon (1) match desizif kont Nikaragwa epi fè viktwa pou kontabilize 3 pwen adisyone sou 8 pwen li genyen an k ap ba li 11 pwen. Ayiti ap priye. Ayisyen ap reve !
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE