Plizyè inite espesyalize Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) kontinye operasyon yo, samdi 15 novanm 2025 lan, kont manm gwoup ame 400 Mawozo yo nan plizyè katye nan komin Kwadèboukè, sitou nan Marassa, Duval ak Rakèt.
Nan nouvo faz operasyon sa a, plizyè bandi ame pèdi lavi yo nan echanj kout bal. Lòt ki pat kapab kenbe presyon frap fòs lòd yo, pran kouri kite zòn yo te okipe yo.
Ajan lòd yo fouye plizyè espas bandi yo t ap itilize kòm kachèt. Pandan verifikasyon sa yo, twa moun, ladan yo te genyen yon tibebe, yo te jwenn kache nan yon chanm.
PNH la ap raple operasyon sa yo se yon pati nan yon estrateji ki vize reprann totalman kontwòl Plèn Kiltde Sak la. operasyon yo ap kontinye jouk dènye nwayo rezistans ame yo fin elimine nèt.
#DIKOP #100jouKòmandanPARAISON
Selon sa Biwo kominikasyon PNH la fenk pibliye jodi dimanch 16 novanm 2025 lan, operasyon nan fyèf lanmò sanjou ap kontinye jiska dènye grenn mawozo a. 5h 6pm