Gen siksè ki depase espò, gen viktwa ki depase yon teren, e gen selebrasyon ki ouvri yon pòt sou yon nasyon ki bat pou l rete kanpe. Kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la antre nan kategori sa : se pa yon sijè foutbòl sèlman, se yon refleksyon sou kisa yon pèp kapab akonpli menm lè li gen pye l nan labou ak tèt li anba pousyè espoir kase.

Nan yon peyi kote vil yo tonbe youn apre lòt, kote gang ap simaye laterè, kote plizyè santèn milye fanmi ap dòmi nan raje, kote lopital, lekòl, inivèsite fèmen voilà, foutbòl la leve pou vin sèl drapo ki pa t rive fann anfas kriz la. E se la antèn kesyon an klere : kijan yon peyi ki pa kapab pwoteje espas nasyonal li rive fè bri sou teren mondyal la ? Repons lan senp men konplèks : talan peyizan pa janm mouri, menm lè leta mouri.

Simaye nan tout katye popilè, foutbòl Ayisyèn lan se sèl espas ki pa elitè, ki pa mande paspò sosyal, ki pa mande referans politik. Se sèl domèn kote Ayiti toujou rive montre kapasite natirèl li, menm lè enstitisyon yo pa rive fouye fondasyon pou soutni li. Si gen yon metafò limyè pou peyi a, se foutbòl ki pote li : li montre ki sa Ayiti ta ka ye si li te jwenn menm disiplin, menm òganizasyon, menm enèji kolektif ki envesti nan yon match 90 minit.

Men kalifikasyon an pote yon lòt verite tou : li montre fanmiy Ayiti ki jan nasyon an sèvi ak espwa kòm oksijèn, menm lè nou pa gen okenn aparèy respiratwa. Chak viktwa sou teren an se yon pèlonn nan tèt yon pèp ki sanble ap chèche rezon pou l kenbe l vivan. E chak match pèdi se yon so kè, paske emosyon kolektif la vin tounen yon zèklè rapid : nou adore lè nou genyen, nou kraze lè nou pèdi. Nou selebre jan mèvèy, men dapre kout zam, boule imaj yo lè rezilta a pa mache.

Sa a, se li menm lekòl sikolojik yon nasyon san estrikti ki reflete nan foutbòl la : emosyon nou yo san balans, sans kritik nou an parèt lè twò ta, epi padan nou selebre yon ekip, reyalite sosyo-politik la rete toujou anba labou.

Se poutèt sa, kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la dwe sèvi kòm plis pase yon « ti kontan » nan mitan malè. Li dwe sèvi kòm yon glas pou n reflechi sou sa nou kapab akonpli lè vizyon, òganizasyon, travay di ak respè pou kolektivite rantre nan menm liy lan. Foutbòl la bay yon avni posib, yon modèl posib, yon Ayiti posib. Rès la, se nou ki pou fè l.

Jean Launy Avril editoryalis-Centre à la Une.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar