Se vre pèp Ayisyen an ap selebre avèk fyète kalifikasyon ekip nasyonal la pou Koupdimonn 2026 la, yon pwoblèm diplomatik refè sifas. Kidonk, sipòte ayisyen yo kapab pa genyen chans pou ale sipòte Ayiti nan estad ameriken yo paske administrasyon Donald Trump lan te siyen yon dekrè nan mwa jen pase a ki te entèdi ak resòtisan plizyè peyi pami yo Ayiti pou rantre Etazini.

Aprè Ayiti, Kiraso se lòt peyi ki fè anpil pale de li aprè kalifikasyon l nan Koupdimonn 2026 la. Nan ka Ayiti, se dezyèm patisipasyon l aprè yon demi-syèk. Pou Kiraso, se premyè kalifikasyon l, donk se pral premyè patisipasyon l nan mondyal 2026 la. Kiraso konsidere kòm pi piti nasyon ki p at janm kalifye pou yon mondyal aprè match nil vyèj li kont Jamayik (0-0).

Kite nou siyale, Duckens Nazon fini meyè bitè eliminatwa a ak 6 gòl. Se Duckens Nazon ki fini nan tèt klasman bitè yo nan eliminatwa Mondyal 2026 nan zòn CONCACAF la. Atakan ayisyen Duckens Nazon, ak 44 gòl li nan seleksyon an, make plis gòl nan seleksyon pase kek non enpòtan nan foutbòl mondyal la : George Best (9 gòl) ; Ryan Giggs (12 gòl) ; Dennis Bergkamp (37gòl) ; David Trezeguet (34 gòl) ; Del Piero (27 gòl) ; Dennis Bergkamp (37 gòl) ; Ruud van Nistelrooy (35 gòl) ; pou n site sa yo sèlman.

Rèv Ayiti pou te patisipe nan mondyal 2026 la konkretize! Grenadye alaso !

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841