Nou konnen dezòmè 42 nan 48 kalifye pou Koupdimonn 2026 la. 8 nouvèl seleksyon jwenn biyè yo nan dènye lè sa yo : Kiraso, Ayiti ak Panama nan zòn CONCACAF la, Espay, Bèljik, Swis, Otrich ak Ekòs an Ewop. Kontinan Ewop la konte dezòmè 12 kalifye, tandiske CONCACAF la depase pou premyè fwa ba 5 reprezantan ki asire.

Nouvèl konfimasyon sa yo sere eto pou dènyè plas yo ki ankò ap jwe. An Ewop, baraj yo afiche plizyè nouvo antran : Kosovo, Dànmak, Tiki, Bosni-Èzegovin, Peyi de Gal ak Masedwàn di Nò. Baraj entèkontinantal yo ap akeyi tou twa nouvèl nasyon : Irak, Jamayik ak Sirinam.

Men kalifye pou Mondyal la jiskaprezan (42/48) : Meksik-Etazini-Kanada (òganizatè), Frans, Angletè, Kwoasi, Pòtigal, Nòvèj, Almay, Peyi-Ba, Espay, Swis, Bèljik, Ekòs, Otrich, Ajantin, Brezil, Irigwey, Ekwatè, Kolonbi, Paragwey, Mawòk, Tinizi, Ejip, Aljeri, Kot d’Ivwa, Senegal, Kap-Vè, Gana, Afrik di Sid, Japon, Iran, Kore di Sid, Ostrali, Kata, Ouzbekistan, Arabi Sawoudit, Jòdani, Panama, Kiraso, Ayiti, Nouvèl-Zeland.

Men barajis ewopeyen yo (16/16) : Ikrèn, Iland, Itali, Albani, Tchèk, Woumani, Syèd, Iland di Nò, Slovaki, Polòy, Kosovo, Dànmak, Tiki, Bosni-Èzegovin, Peyi de Gal, Masedwàn di Nò.

Men barajis entèkontinantal yo (6/6) : RD Kongo, Bolivi, Nouvèl-Kaledoni, Irak, Jamayik, Sirinam.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841