Vèdik la tonbe vandredi 5 desanm 2025 sa nan Wachinnton (Etazini) : Ayiti konnen dezòmè desten li pou Koupdimonn 2026 la. Nan yon edisyon elaji epi ki genyen anpil atant, Koupdimonn FIFA 2026 la ap òganize pa Etazini, Kanada ak Meksik, sòti 11 jen pou bout 19 jiyè. Se pral okazyon pou Grenadye yo montre fòs yo nan tounwa a ki anonse li deja istorik pou tout foutbòl mondyal la.

*Ayiti nan yon gwoup dife !*

Seleksyon ayisyèn maskilen foutbòl la konnen dezòmè advèsè li yo pou faz gwoup yo : Brezil, Mawòk ak Ekòs. Yon tiraj konplike fas a gwo mastondonk foutbòl mondyal yo, men tou yon bèl okazyon pou Grenadye yo pwouve valè yo.

Koupdimonn FIFA 2026 : kalandriye match Ayiti yo.
1. Haiti vs Scotland (Ekòs)
Estad : MetLife Stadium (New York/New Jersey, USA)
Dat : 13 jen 2026

2. Brazil (Brezil) vs Haiti
Estad : Lincoln Financial Field (Philadelphia, USA)
Dat : 19 jen 2026

3. Haiti vs Morocco (Mawòk)
Estad : Hard Rock Stadium (Miami, USA)
Dat : 24 jen 2026.

Se ofisyèl, nou konnen 12 gwoup Koupdimonn yo. FIFA ofisyèlman devwale konpozisyon 12 gwoup yo pou Koupdimonn 2026 la, yon edisyon istorik avèk 48 nasyon nan lis.

Pou fòma a, 2 premye nan chak gwoup ap dirèkteman kalifye pou 16èm de final. 8 meyè 3èm ap kalifye tou pou faz eliminasyon dirèk.

Konpetisyon an ap kòmanse jedi 11 jen 2026 ; faz gwoup la ap fini samdi 27 jen. Final la ap fèt dimanch 19 jiyè 2026.

Yon nouvo è Mondyal ap louvri, avèk plis match, plis emosyon… epi yon sèn planetè ki prè pou akeyi pi gran esta yo ak pi bèl sipriz yo. Se pral plas pou reve !

Detèminasyon, disiplin ak solidarite se pral kle pou Ayiti espere kreye eksplwa. Tout bagay posib nan foutbòl !

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841