Nouvo Dekrè Elektoral 2025 la etabli klèman : tout Ayisyen ki sanksyone pa Konsèy Sekirite Nasyonzini pèdi yon seri dwa politik enpòtan. Yo pa ka vote, e yo pa gen dwa kandida pou okenn pòs elektif, kit se prezidans, palman, majistra, oubyen CASEC.
Dokiman ofisyèl la, ke CPT a pibliye nan Le Moniteur apre apwobasyon Konsèy Minis yo, pote plizyè chanjman konpare ak vèsyon ki te prezante an oktòb 2024 la. Chanjman sa yo frape sitou moun ki sou lis sanksyon Nasyonzini an : yo elimine nèt nan tout pwosesis elektoral peyi a. Moun ki sou lis sanksyon Etazini ak Kanada yo, sepandan, pa frape pa dispozisyon sa a.
Daprè atik 52 dekrè a, yon elektè dwe gen 18 lane, gen yon kat idantite ki valab, anrejistre sou lis elektoral la, epi jwi dwa sivik li. Yonn nan kondisyon prensipal yo se : pa sou lis sanksyon Konsèy Sekirite Nasyonzini.
Pou kandida depite yo, atik 98 la presize obligasyon yo : gen 25 lane omwen, viv nan sikonskripsyon an pandan 2 ane ki sot pase yo, posede yon byen oswa yon aktivite ekonomik nan zòn nan, epi menm jan ak lòt pozisyon politik yo, pa sou lis sanksyon Nasyonzini.
Nan lis moun Nasyonzini sanksyone yo, gen ansyen sénatè Victor Prophane ansanm ak plizyè lidè gang ki souvan site kòm aktè kle nan ensekirite peyi a : Barbecue, Izo, Ti Lapli, Lanmò San Jou, ak Vitelhomme Innocent.
Nan mwa jen 2025, Pakè Pòtoprens lan te deja pran mezi pou friz kont bank moun sa yo, sou enstriksyon Ministè Jistis la, an aplikasyon rezolisyon Konsèy Sekirite yo ki vize konbat vyolans ak rezo kriminèl ann Ayiti.
Dekrè elektoral sa a vin mete yon baryè legal ki retire nenpòt enfliyans politik nan men tout moun kominote entènasyonal la sanksyone ofisyèlman.