Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Ekselans Laurent Saint-Cyr, akeyi, jounen lendi 8 desanm 2025 lan, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, 230 sòlda kenyan ki vin ranfòse Fòs Represyon kont Gang (GSF) yo an Ayiti. Direktè jeneral Lapolis la, André Jonas Vladimir Paraison ak manm Wo Kòmandman yo, Kòmandan an chèf Lame a, Derby Guerrier, Anbasadè Kanada a, André François Giroux ak Anbasadè Lafrans nan peyi a, Antoine Michon, Jeneral Godfrey Otunge ak lòt manm delegasyon Kenya a, te akonpaye Prezidan an sou tamak la pou evènman sila a. Nan menm moman an, yon gwoup 100 kenyan ki te nan Misyon miltinasyonal la kite peyi a pou retounen lakay yo.
Ekselans Laurent Saint-Cyr remèsye, nan non Konsèy la ak pèp Ayisyen an, peyi Kenya pou sipò li bay nan goumen pou retabli sekirite an Ayiti. Li pwofite montre rekonesans li ak gwoup ki kite peyi a, pou gwo sakrifis ofisye sa yo te fè pou nasyon an. Li fè konnen li konte sou yon gwo patenarya ant manm GSF yo, Polis nasyonal la ak Fòs Lame Dayiti a pou kapab bay popilasyon an sekirite li ap ret tann lan epi kreye kondisyon pou òganize eleksyon pou peyi an rantre nan estabilite dirab.
Responsab sòlda Kenyan yo, Jeneral Godfrey Otunge te pran lapawòl tou pou bay asirans Fòs Represyon kont Gang la pral travay nan enterè Ayiti. Li deklare yo aprann leson apre eksperyans Misyon miltinasyonal la pou kapab fè nouvo Fòs la pi efikas. Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Laurent Saint-Cyr bay garanti KPT a ak Gouvènman ap pran tout mezi ki nesesè pou sipòte misyon entènasyonal la ak Fòs lòd nasyonal yo nan goumen pou mete sekirite ak estabilite nan peyi a.