Ajan SWAT Team Jimmy Daveus mouri ak bal Lendi 8 Desanm 2025 lan, pandan gwo afwontman vyolan ant fòs sekirite yo ak bandi louman ame nan komin Mirebalais.
Nouvèl lanmò li a lakoz gwo emosyon nan mitan polisye yo, kote kòlèg, zanmi ak fanmi l ap rann omaj a memwa yon “vre konbatan ak yon nonm ki gen kè.”
Soti nan 33yèm pwomosyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Jimmy Daveus te rekonèt nan enstitisyon an pou kouraj li ak angajman l. Lanmò li vin ogmante lis polisye ki deja tonbe nan sèvis pandan ane 2025 la.