Jij enstriksyon Benjamin Félismé rann òdonans li nan dosye Magalie Habitant, ki te mennen nan arestasyon plizyè pèsonalite, tankou ansyen depite Profane Victor ak Élionor Dévallon, direktè jeneral Caisse d’assistance sociale, pou koneksyon yo sispèk yo genyen ak krim òganize.
Jij la, ki te adopte yon pati nan rekizitwa komisè gouvènman an, voye Magalie Habitant, Profane Victor ak Élionor Dévallon devan tribinal kriminèl ki pral jije san jiri. Òdonans la voye tou de polisye ki te afekte bò kote Mesye Dévallon devan tribinal koreksyonèl pou posesyon ilegal zam afe.
Pandan rekizitwa ministè piblik la te mande pou tout akize yo te voye devan tribinal, jij enstriksyon an, li menm, bay lòd pou libere kat ladan yo, pami yo pitit ansyen depite a, Jensen Gandhy Victor, ansanm ak frè ansyen palmantè a. Chofè Magalie Habitant, Jean-Philippe Lener, jwenn liberasyon tou selon desizyon jij la.
Fò n sonje rapò Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) sou dosye Magalie Habitant ak lòt moun yo, ki akize dèske yo gen lyen ak koalisyon kriminèl “Viv Ansanm”, te prezante anpil eleman ki peze lou sou yo.
Dapre rapò a, Magalie Habitant, ansyen direktè SNGRS, ke DCPJ te arete 9 janvye 2024, ta enplike dirèkteman nan tranzaksyon ak chèf gang yo. Prèv yo genyen ladan yo echanj WhatsApp, resi transfè lajan, ak deklarasyon akize a sou relasyon li ak bandi ki byen koni.
Toujou selon rapò a, lè yo te mande Élionor Dévallon eksplike yon lajan li te voye bay Jimmy Chérizier, alyas “Babekyou”, li konfime se Magalie Habitant ki te mande l voye lajan an pou yon “gran frè”. Talon chèk BRH yo ki te jwenn nan machin direktè CAS la montre 28 chèk sou 130 enstitisyon an te bay, pou yon montan total 1 299 729 goud, te gen Élionor Dévallon menm kòm benefisyè.
Jacky Medé Fontaine, Centre à la UNE