Kowòdinasyon selil VBG- COSADH, nan Laskawobas prezante yon konferans bay laprès nan okazyon jounen mondyal dwa moun yo, jodi mèkredi 10 Desanm 2025 lan. Nan lide pou fè Leta Santral tande vwa yo ak sansibilize popilasyon sou enpòtans pwoteksyon dwa fondamantal moun nan peyi Ayiti.
Kòwòdonatè jeneral selil Violence Basée sur les Genres COSADH la Madam Berlineda ADRIEN, deklare sitiyasyon n ap viv chak jou yo nan Peyi Ayiti klèman moutre anpil moun ap sibi vyolasyon dwa yo nan sak gen pou wè:
- Vyolans sou fanm ak tifi k ap ogmante;
- Ensekirite k ap kraze lavi kominote yo;
- Mank aksè ak sèvis sosyal Bazik yo tankou: Edikasyon, dlo ak swen sante;
- Absans pwoteksyon pou jèn yo ak gwoup vilnerab yo.
Kòwòdonatè ADRIEN te tou pwofite fè Leta sonje: JOUISANS DWA, LIBÈTE, DIYITE AK PWOTESTASYON DWA se pa yon favè men pito yon obligasyon ofisyèl selon deklarasyon inivèsèl dwa moun yo.
Madam Berlinda ADRIEN pwofite adrese l ak Leta a pou pran responsablite li pou:
- Asire sekirite popilasyon an sou tout teritwa a;
- Fòmalize ak ranfòse estrikti ki ap travay sou kesyon Vyolans Baze sou Jan (VBG);
- Garanti jistis pou viktim yo;
- Bay plis resous pou pwoteksyon sosyal, Edikasyon ak sante piblik;
- Ankouraje jèn yo rete enfòme sou dwa yo;
- Denonse vyolans ak abi;
- Respekte dwa sivik ak dwa pou vote.
Yon lòt kote, responsab kominikasyon selil VBG- COSADH, mr. Jean Anderson BREVIL, te pwofite okazyon an pou lanse yon SOS kont tout fòm vyolans rezosyal nimerik anpil jèn ap sibi Anba men yon pakèt moun mal entansyone san konsantman yo.
N ap raple, se te yon konferans kite regwoupe anviwon yon santèn jèn fi ak jèn Gason nan komin Laskawobas; Kòwòdinasyon COSADH ak Kòwòdinasyon selil VBG a.
Pou fini, Kòwòdinasyon an te pwofite okazyon an pou te lanse yon apèl inivèsèl pou mande tout kouch nan sosyete a ann pwofite mete nou ansanm pou konstrui yon Ayiti Dwa, respè se règ men pa yon eksepsyon. Donk, lè n ap gade feblès Leta a nan pwoteksyon dwa fondamantal moun yo eske leta a pa ta dwe pwofite de selil sa yo pou kreye bon jan klima pou respè dwa ak diyite Ayisyen an.
Washington FLORVIL, Centre à la UNE