Otorite ameriken yo anonse semèn sa a yon gwo operasyon kont yon rezo trafik zam entènasyonal. Envestigasyon an te kòmanse nan Florid, kote manm rezo a t ap achte zam ilegalman pou voye yo aletranje, sitou nan Repiblik Dominikèn pou rive Ayiti.

Jedi, lajistis federal ameriken an rann yon desizyon enpòtan nan dosye sa a. Moun yo prezante kòm prensipal sèvo rezo a resevwa yon santans lou.

Jonathan Rafael Ortega Martinez kondane a 10 lane prizon federal

Yon jij federal nan Florid, Steven Merryday, kondane Jonathan Rafael Ortega Martinez a 10 lane prizon federal. Depatman Jistis Etazini pibliye desizyon an nan yon kominike ofisyèl.

Ortega Martinez, ki gen 42 an, te responsab pou òganize ak dirije yon pati enpòtan nan rezo a. Li t ap kowòdone achte zam an gwo atravè plizyè magazen ki gen lisans nan Florid.

Yon estrateji byen kalkile : itilize “achte-fantòm

Dapre akò kote li rekonèt koupabilite li, aktivite kriminèl yo te fèt ant ane 2023 ak avril 2024. Rezo a t ap itilize sa yo rele straw buyers, sa vle di moun yo peye pou achte zam nan non pa yo, pandan y ap fè kwè se pou itilizasyon pèsonèl.

An reyalite, zam sa yo te fèt pou nouri yon trafik entènasyonal ki rapòte anpil lajan. Apre yo fin achte yo, rezo a t ap òganize fason pou fè zam yo soti Etazini an kachèt.

Nan chajman yo, te gen pistolè Glock, fizi asalto, ak fizi AK-47, zam ki trè chèche pa gang ak rezo kriminèl yo Ayiti. Pifò zam yo te pran direksyon Repiblik Dominikèn pou ateri Ayiti, de peyi k ap sibi gwo vag ensekirite ak vyolans gang.

Plis pase 1 000 zam sou mache ilegal la

Lajistis ameriken konfime rezo a te ekspedye plis pase 1 000 zam ilegalman. Anketè yo rive sezi plizyè nan zam sa yo sou sèn krim nan rejyon an.

Dekouvèt sa yo montre klèman lyen dirèk ant trafik zam sa a ak ensekirite grav k ap ravaje Ayiti jounen jodi a.

Avèk kondanasyon sa a, otorite ameriken yo voye yon mesaj fò : yo detèmine pou kraze rezo k ap alimante vyolans ak destabilizasyon nan Karayib la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841