Onz (11) lane aprè li te kite Primati a, ansyen Premye Minis Ayiti Laurent Lamothe retounen sou akizasyon koripsyon ki te fèt nan konstriksyon 25 sant espòtif yo. Nan yon videyo ki pibliye 13 desanm 2025, li detaye istwa pwojè a, prezante prèv epi denonse yon itilizasyon politik ki vize fè diskredite li.
Se yon retou ki pa t prevwa e ki pwovoke diskisyon. Laurent Lamothe, Premye Minis Ayiti soti nan me 2012 rive desanm 2014, pale piblikman pou youn nan ra fwa depi plis pase yon deseni sou pwojè 25 Sant espòtif yo, ki souvan tabli kòm yon vas koripsyon. Nan videyo li a ki gen tit « Batay mwen pou verite – Epizòd 1 : retabli reyalite sou 25 sant espòtif yo », li defann tèt li epi li vize klarifye move konpreyansyon sou jesyon sila.
Lamothe ensiste sou yon diferans fondamantal : « Estad » ak « Sant espòtif » pa dwe konfonn. Daprè li, konfizyon sa a te volontèman itilize pa kèk aktè politik pou pote atent ak kredibilite li.
Prezantasyon reyalite a ak prèv yo
Nan videyo a, ansyen Premye Minis la revize chak etap nan pwojè a, sòti nan kòmansman rive nan aplikasyon li. Li montre kontra yo siyen, montan ki te angaje yo ak fon ki te aktyèlman itilize, epi li fè konnen tout bagay fèt an akò ak resous ki te disponib.
« Yon sel grenn mo stad, yo tòde l, sèvi avek li pou diskredite m, yon ti gwoup oligak ki te bezwen fè moun kwè anyen pat fèt », li deklare, li denonse fason yon ti gwoup elit te sèvi ak dosye a pou sal imaj li.
Pou Lamothe, dokiman sa yo reprezante anpil, non selman prèv sou bòn fwa li ak transparans nan jesyon li.
Ansyen premye minis Joseph Michel Martelly a fè konnen li pat siyen pyès kontra stad. Gen ansyen Pm Jean Max Bellerive kite siyen kontra 19 stad ki koute 16 milyon 200 mil dola, epi Minis Josefa R. Gauthier te siyen 5. Lamothe di lè sa li pot ko monte premye minis. Pilwen li presize prezidan an te monte yon komisyon ki te genyen nan tèt li pitit gason li Olivier Martelly ki te responsab pou fè sipèvizyon ak kreye aktivite nan sant espòtif yo.
Yon mesaj kont difamasyon
Pou ansyen chèf gouvènman an, pataje verite a se pi gwo remèd kont akizasyon ak manipilasyon : « Pi gwo remèd ki genyen kont difamasyon ak manipilasyon se LAVERITE. » Demach sa a montre yon volonte klè pou rebati imaj li devan piblik la apreè 11 ane kritik.
Paralèlman Premye epizòd sila sanble anonse yon seri piblikasyon kote Laurent Lamothe vize retabli reyalite yo epi reponn kritik yo. Nan yon kontèks kote eskandal politik ak koripsyon rete sijè sansib ann Ayiti, entèvansyon Lamothe ale nan sans pou enfliyanse jijman piblik epi mete limit sou fason istwa pasaj li nan Primati a rakonte.
Jefferson Bonissant Centre à la Une