Yo sèmante yo pap janm dòmi deyò. Se pa yon blag, se pa yon metafò, se yon pwogram politik. Pandan pèp la ap dòmi atè, sou twotwa, anba tant, anba bal, anba kè sote, gen nèg ki fè sèman pouvwa : yo pap janm pèdi privilèj yo, kèlkeswa pri a. Misyon an klè, li pa menm kache ankò : fini ak peyi a pou sove tèt yo. Ayiti vin tounen yon kabann cho kote menm moun ki ta dwe leve nasyon an ap vire do bay li pou yo ka rete alèz. Lè w gade sèn nan, ou pa wè Leta, ou wè yon kamping opòtinis, kote chak moun pote tant pa yo, pwòp estrateji pa yo, pwòp manti pa yo.

Pi grav toujou, nou rive nan absid total la : ou ka nan pouvwa epi nan opozisyon an menm tan. Wi, sa posib ann Ayiti. Se yon inovasyon politik, yon jeni nan ipokrizi. Ou chita nan KPT a, ou pran desizyon, ou jwi avantaj sistèm nan, men ou kontinye pale tankou yon viktim, tankou yon opozan, tankou yon mesyan k ap gade peyi a ap tonbe san li pa gen rapò ak sa. Se schizofeni politik sa a k ap detwi nasyon an. Moun ki gen men yo nan volan an ap rele fò pou di machin nan pa mache, pandan se yo menm k ap vire l nan ravin.

Moïse Jean-Charles, pitit Dessalines nan diskou, men se pitit konfizyon nan pratik. Claude Joseph ak pati EDE, toujou pare pou jwe kat “sove peyi a”, men toujou nan premye ranje lè gen pouvwa, mikwo, kamera, ak akò. Yo vle tout bagay an menm tan : pouvwa san responsabilite, opozisyon san risk, diskou radikal san konsekans. Se politik doub figi sa a ki tounen Ayiti yon teyat kote pèp la toujou peye tikè, men li pa janm chita sou sèn nan.

KPT a tounen yon bèt san kolòn vètebral, yon espas kote moun vin regle karyè yo, pa kriz peyi a. Chak manm ap jwe pwòp mizik li, san òkès, san patisyon, san direksyon. Epi yo sezi lè bri a pa tounen melodi. Peyi a ap tonbe, men yo pi okipe pou yo pa tonbe deyò sistèm nan. Deyò a fè yo pè. Deyò a se lanfè. Deyò a se kote pèp la ye. Se poutèt sa yo pap janm dòmi deyò : paske yo pa janm vle viv sa pèp la ap viv la.

Nan tout sa, pèp la vin tounen dekorasyon. Yon foul yo site nan diskou, men yo pa janm konsilte. Yon non yo rele lè gen kominike, men yo bliye lè gen desizyon. Chak jou, nasyon an ap gaspiye ant men moun ki pa kwè nan li, ki pa respekte li, ki pa menm pèdi dòmi pou li. Yo jwe ak tan, yo jwe ak lalwa, yo jwe ak espwa, pandan Ayiti ap vin pi piti, pi fèb, pi vid.

Sa k pi danjere a, se pa menm move volonte yo. Se lefèt ke yo fin banalize destriksyon an. Fini ak peyi a vin tounen yon efè segondè “normal” nan kous pou rete sou pouvwa. Tankou si Ayiti se yon bouji yo ka boule jiskaske li fini, depi yo menm yo jwenn limyè sou figi yo.

Men istwa pa dòmi. Pèp la ka fatige, men li pa efase. E tout moun ki jwe doub wòl sa a pouvwa/opozisyon, revolisyon/privilèj, Dessalines/mizè ap gen randevou ak memwa kolektif. Paske ou pa ka sèmante ou pap dòmi deyò pandan w ap mete tout yon pèp deyò lavi li, san sa pa kite tras.

Ayiti pa mouri. Men li ant men moun ki pa renmen li. E sa, se pi gwo trajedi a.

Jean Launy AVRIL, editoryalis-Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841