Imaj seleksyon nasyonal ayisyen an ki aliyen pandan Koup di Mond 1974 la pa senpleman yon foto foutbòl. Se yon dokiman istorik tout bon, yon achiv vizyèl ki pote nan li memwa, siyifikasyon ak pwojeksyon kolektif. An 1974, Ayiti parèt sou youn nan pi gwo sèn mondyal yo, yon espas kote nasyon yo egziste pa sèlman atravè pouvwa militè oswa diplomatik, men atravè senbòl, imaj ak emosyon. Nan sans sa a, foutbòl la vin tounen yon langaj inivèsèl ki pèmèt Ayiti, yon peyi souvan mete sou kote nan sistèm entènasyonal la, vin vizib, vin rekonèt, menm si se pou yon ti moman.
Pozisyon jwè yo, fason yo kanpe dwat, tout an liy, ak menm inifòm, bay enpresyon yon nasyon ini, òganize, ki gen disiplin. Sa gen anpil pwa lè n sonje kontèks Ayiti nan ane 1970 yo, kote peyi a t ap viv anba yon rejim otoritè, ak gwo tansyon sosyal ak politik. Imaj la pa montre divizyon, ni mizè, ni laperèz. Okontrè, li pwopoze yon lòt narasyon : Ayiti ki solid, Ayiti ki diy, Ayiti ki kapab kanpe fas a gwo pouvwa mondyal yo. Se pa sa reyalite a te ye nèt, men se sa nasyon an te vle montre, se sa li te vle kwè posib.
Yon detay nan imaj la frape fò : prezans timoun nan devan liy jwè yo. Timoun sa a pa la pou jwe, men li la pou gade, pou temwaye. Li vin tounen yon senbòl transmisyon, yon pon ant jenerasyon ki te viv moman 1974 la ak jenerasyon ki poko vini. Timoun nan reprezante avni a, espwa ki poko gen fòm, men ki deja la. Nan sans sa a, imaj la depase moman istorik la : li antre nan tan long lan. Li montre ke rèv kolektif la pa mouri, li sèlman rete an silans, ap tann bon moman pou l rekanpe.
Lè n mete imaj sa a an paralèl ak kalifikasyon Ayiti pou Koup di Mond 2026 la, lekti istorik la vin pi pwofon toujou. Ant 1974 ak 2026, Ayiti travèse kriz sou kriz : chanjman rejim, feblès enstitisyonèl, vyolans estriktirèl, migrasyon masiv. Epi malgre tout sa, seleksyon nasyonal la retounen sou sèn mondyal la. Sa montre pa sèlman yon siksè espòtif, men yon kontinite senbolik. Foutbòl la vin youn nan ra espas kote imajinè nasyonal la siviv, kote memwa kolektif la transmèt, kote idantite a kontinye respire.
Nan pèspektiv istoryen, imaj sa a ka konsidere kòm yon lieu de mémoire, yon espas memwa kote emosyon, espwa ak reprezantasyon nasyonal yo vin konsantre. Li pa sèlman rakonte sa ki te pase, men li montre sa sosyete ayisyen an te vle ye, e sa li kontinye anvi ye. An 1974, Ayiti te viv yon parantèz espwa ; an 2026, parantèz sa a relouvri, men ak yon lòt chaj istorik, ak tout mak tan ki pase yo.
Finalman, imaj sa a pèmèt nou repanse plas espò a nan analiz istorik ak politik Ayiti. Foutbòl pa senpman yon distraksyon ; li se yon zouti rezistans senbolik, yon teren kote diyite nasyonal la kontinye jwe, menm lè Leta febli. Foto sa a raple nou yon verite fondamantal : listwa Ayiti pa toujou mache dwat, li konn kase, li konn tonbe, men li toujou jwenn fason pou l kanpe ankò. E pafwa, se nan imaj, nan senbòl, ak nan memwa kolektif, listwa sa a kenbe pi fò.
*Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une*