Tabarre, Ayiti — Depi byen bonè nan maten 18 desanm 2025 lan, yon gwo operasyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap dewoule nan komin Tabarre, sitou nan zòn Timoulin ak nan sektè Eddy One, nan Torcel. Fòs lòd yo, ak sipò inite espesyalize, elikoptè ame ak mitrayèt, ansanm ak dròn eksplozif, lanse yon ofansiv ki vize plizyè pwen rezistans gang Vitelhomme nan ak alye li yo.
Entèvansyon an, ki deja dire plis pase kat (4) èdtan, akonpaye pa gwo detonasyon ak rafal zam otomatik k ap tande fò nan katye sa yo. Dapre otorite yo, objektif operasyon an se netralize gwoup ame yo epi retabli lòd nan zòn ki konsidere kòm sansib yo.
Popilasyon an, ki pran nan yon klima tansyon, rete sou gad li pandan operasyon yo ap kontinye. Jiskaprezan, otorite yo poko pibliye okenn bilan ofisyèl sou echanj kout zam yo ni sou rezilta ki deja reyalize.