Konseye-prezidan Leslie Voltaire ak Edgar Leblanc Fils, ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, samdi 20 desanm 2025. Enfòmasyon sa a soti nan chanèl ofisyèl yo, dapre yon nòt ajans sou entènèt Centre à la UNE te konsilte.

Vizit sou teren sa a nan Solino fèt nan kad pwogram « Retou nan katye a », selon sa yo fè konnen.
Pou Leta ayisyen, se yon “zak politik fò” ki make “retou konkrè Leta a nan yon katye ki te pase anpil soufrans pandan lontan”.
Vizit la voye tou “yon mesaj klè : pa gen okenn teritwa nan Repiblik la k ap abandone”, dapre nòt la.
Gouvènman an di li vle “reyafime otorite li, pwoksimite li ak popilasyon an, ansanm ak detèminasyon li pou retabli lòd, diyite ak lapè”.

Vizit sa a fèt twa semèn apre Konsèy minis la te adopte pwojè dekrè elektoral la, pandan plizyè obsèvatè estime kontèks sekirite a pa favorab pou òganizasyon eleksyon yo.
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la prevwa premye semès ane pwochèn nan pou preparasyon ak òganizasyon eleksyon jeneral yo nan peyi a.
Depi anviwon twa mwa, gen travay netwayaj k ap fèt nan katye Delmas 30, Nazon, Kriswa (Christ-Roi) ak Solino, sou inisyativ Sant Karl Lévêque.
Entèvni nan emisyon FwoteLide, Pè Gardy Maisonneuve fè konnen gen yon gwo pwogram asenisman ak rekonstriksyon ki evalye a plizyè milyon dola ameriken, ak soutyen Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) ansanm ak Leta ayisyen.

Militan dwa moun nan te lanse apèl pou moun yo retounen lakay yo epi patisipe nan pwosesis rekonstriksyon ki pral kòmanse.
Katye Solino, menm jan ak anpil lòt katye nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, te tonbe anba kontwòl gang kowalisyon kriminèl Viv Ansanm depi plis pase yon ane. Sa te fòse plizyè milye abitan kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote. Bandi yo te fè gwo dega : yo piye epi boule komès ak kay moun.

Nan mwa out 2025, chèf gang Viv Ansanm lan, Jimmy Chérizier, alyas Barbecue, te lanse yon apèl pou lapè, li te envite moun yo retounen nan katye yo.
Men retou sa a rete difisil, menm prèske enposib pou majorite a, paske pa t rete anyen sof dekonm. Gang yo te pote tout sa yo te kapab oswa detwi rès la. Anplis, viktim yo pè yon posib retou asayan yo, epi yo mande anvan tout bagay yon prezans reyèl Leta a ak fòs lòd yo sou teren an.
Gen fanm ak gason ki depi prèske yon ane ap viv kòm refijye nan kan pwovizwa, sitou nan zòn Bourdon, ki prefere obsève kijan sitiyasyon an ap evolye anvan yo ta pran desizyon pou retounen lakay yo.

Plizyè mach manifestasyon te deja òganize pou montre volonte popilasyon an pou retounen nan katye yo.
Sendika Polis Nasyonal d Ayiti a (SPNH-17) lanse apèl bay otorite yo pou menen operasyon serye, byen vize kont gang ame yo, epi pou bay PNH la mwayen ki nesesè pou retabli yon lapè dirab nan zòn ki okipe yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841