Nan lannwit jedi 25 desanm 2025 la, Jandamri Royal Kanada (GRC) te entèsepte 19 sitwayen ayisyen nan zòn Havelock, Montérégie, pandan yo t ap eseye antre Kanada apye depi Etazini, malgre gwo nèj ak fredi ki t ap fè ravaj.
Pami migran yo te gen 2 timoun piti ki gen 1 an ak 3 zan. Otorite yo rapòte plizyè nan moun yo te nan yon eta sante grav. Yo te oblije mennen 8 ladan yo lopital, sitou 6 ki te soufri gwo blesi sou po akòz tanperati ekstrèm lan.
Lapolis arete tou yon mesye yo sispèk ki te vin chèche gwoup la ak yon machin. Yo sezi machin nan epi yo lanse yon ankèt pou trafik moun.
Majistra Havelock la te mete lokal Lakomin nan disponib pou bay migran yo premye swen ak chalè anvan Ajans Sèvis Fwontyè Kanada pran yo an chaj. Tout 19 Ayisyen yo deja depoze demann azil. Otorite kanadyen yo pwofite raple popilasyon an danje grav ki genyen lè moun ap travèse fwontyè nan kondisyon livè, sitou nan zòn bwa ak mòn.