Malgre kriz ensekirite ki genyen nan depatman Sant lan sitou Mibalè, Université polytechnique Notre-dame du Rosaire UPONDRO òganize nan lokal li nan Ench seremoni soutnans memwa dimanch 28 desanm 2025 lan nan syans jiridik pou Mesye Lesly Occessite, Jean Widny Guerrier, Saint-Jean Jeannot, Emerson Alexis, James Brizard ak Ducange Volcy.

Etidyan yo te travay sou diferan sijè ki trè enpòtan pou avansma syans lan. N ap site an egzanp youn nan pami sijè yo ki pati konsa:  » La détention préventive prolongée au regard des normes internationales des droits fondamentaux de l’homme et de la procédure pénale: cas de la juridiction de Mirebalais de 2018-2023″

Mèt Emmanuel Bissainth Montas ki genyen yoN MBA nan jesyon finans piblik ki se avoka te prezide jiri a epi Doktè Junior CENANFILS te lektè kritik. Epi Mèt Joseph Joël lwi ki genyen divès metriz te la kòm ankadrè.

Aprè etidyan yo te fin prezante travay yo, aprè analiz kritik yo, jiri a te delibere aprè konsètasyon kote genyen nan etidyan sa yo soti ak nòt nan fouchèt 69 rive 75.

Rektora a te ankouraje memoran yo pou yo kontinye travay pou yo kontinye pran pi gwo grad nan syans lan epi pou travay nan nivo pa yo pou ede peyi a soti nan sitiyasyon difisil li trouve li a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841