Pèp ayisyen, pandan n ap pwoche bò 7 fevriye 2026, dat Konstitisyon an fikse pou fen tranzisyon politik la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) pran yon desizyon ki soulve gwo kestyon legal, demokratik ak moral.

Atravè yon dekrè prezidansyèl, ekip KPT a adopte plizyè dispozisyon ki, nan efè yo, mete manm KPT yo deyò de konpetans tribinal òdinè yo, pou zak yo ta komèt pandan egzèsis fonksyon yo kòm konseye prezidansyèl. Se yon demach ki sanble fèt pou pwoteje yo kont tout entèpelasyon jidisyè apre fen manda yo, 7 fevriye 2026.

An reyalite, mesaj la klè :
nou te dirije peyi a, men apre sa, pèsonn pa gen dwa mande nou kont.

Nan yon Leta de dwa, sa pa nòmal. Sa pa legal. Sa pa akseptab.

Atik 13 : tribinal òdinè yo mete sou kote

Atik 13 dekrè prezidansyèl la prevwa ke zak kriminèl oswa deliktyèl manm CPT yo ta komèt nan kad fonksyon yo pa dwe tonbe anba konpetans tribinal òdinè yo. Dispozisyon sa a gen pou efè retire pakè, jij enstriksyon ak tribinal dwa komen yo tout pouvwa pou tande dosye ki konsène manm KPT yo.

Efè jiridik Atik 13
– Lajistis òdinè pa ka entèpele ni pouswiv manm CPT yo
– Ankèt sou zak koripsyon vin bloke
– Dosye yo vin sispann nan yon vakyòm enstitisyonèl

Sa vyole prensip egalite tout sitwayen devan lalwa, jan Konstitisyon Ayiti a ak
Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, Atik 7 tabli li.

Atik 26 : Haute Cour de Justice kòm sèl tribinal konpetan

Atik 26 dekrè a ale pi lwen toujou. Li prevwa ke manm CPT yo asimile ak Chèf Leta a, epi ke yo pasib sèlman devan Haute Cour de Justice pou zak yo poze pandan egzèsis fonksyon yo.

Pwoblèm fondamantal la
– Haute Cour de Justice pa fonksyone, paske Palman an pa egziste
– Sa vle di : pa gen okenn tribinal ki ka jije manm CPT yo an pratik
– Pwoteksyon an pa sispann apre fen manda a, paske zak yo rete klase kòm “zak fonksyonèl”

Se konsa, Atik 13 ak 26 ansanm kreye yon baryè total devan lajistis, ki pwolonje menm apre 7 fevriye 2026.

Yon enpinite òganize pa dekrè

Dekrè a pa itilize mo “amnisti”.
Men nan efè li, li pwodui menm rezilta a :
– pa gen entèpelasyon,
– pa gen pouswit,
– pa gen rann kont.

Nan dwa konstitisyonèl ak dwa entènasyonal, pèsonn pa gen dwa vin jij ak pati an menm tan, sitou lè se pwòp responsablite penal li k ap poze kestyon.

Konvansyon Nasyonzini kont Koripsyon (UNCAC), Ayiti ratifye li, entèdi tout mekanis ki bay dirijan pwoteksyon kont pouswit penal pou zak koripsyon.

Rapò ULCC yo vin san dan

Sa vin pi grav toujou lè nou sonje plizyè manm CPT site nan rapò ULCC pou :
– move jesyon,
– detounman lajan Leta,
– anrichisman ilegal.

ULCC se yon enstitisyon lalwa kreye. Rapò li yo se dokiman ofisyèl ki dwe mennen ankèt jidisyè. Men ak Atik 13 ak 26 dekrè a, rapò sa yo pa ka bay okenn aksyon konkret, paske tribinal òdinè yo dezabiye de konpetans yo.

Sa se enpinite enstitisyonalize.

Eleksyon anba lonbraj enpinite

Kijan pou pale de eleksyon lib ak serye,
lè se menm otorite k ap òganize eleksyon yo ki :
– mete tèt yo pi wo pase lalwa,
– bloke lajistis,
– epi pwoteje tèt yo kont dosye koripsyon ?

San jistis, pa gen konfyans.
San konfyans, pa gen demokrasi.

Enpinite pa janm bay estabilite

Istwa Ayiti deja montre nou sa klè :
kote pa gen jistis, pa janm gen estabilite dirab.
Chak tranzisyon ki chwazi kache verite a nan non “lapè” oswa “estabilite” sèlman prepare pwochen kriz la.

Konklizyon : Dekrè pa pi fò pase lalwa

7 fevriye 2026 pa dwe vin yon dat pou efase responsablite penal, men pito yon dat pou retabli legalite konstitisyonèl la.

Laprès, sosyete sivil la, òganizasyon dwa moun yo ak tout sitwayen konsyan dwe rete vijilan.

Ayiti pa bezwen dirijan pwoteje ak dekrè.
Ayiti bezwen lalwa ki mache, jistis ki endepandan, ak responsab ki rann kont.

Nan okenn Leta de dwa : dekrè pa ka fèmen bouch lajistis.
Fonksyon pa bay lisans pou koripsyon.
E listwa ap jije.

Emmanuel Tauleme BRINA, jounalis epi jiris

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841