Gen deklarasyon ki pa bezwen fini pou yo fin di tout bagay. Lè ansyen minis zafè etranje ak ansyen premye minis ayisyen Claude Joseph deklare nan yon emisyon *Ronaldo renmen foutbòl, li jwe foutbòl, li fè lajan. Nou menm nou renmen politik, donk se politik n ap fè* li sispann fraz la, men li pa sispann verite a. Rès la, pèp la deja konprann li.

Deklarasyon sa a, anba aparans blag, se yon ave san mask , politik, nan tèt anpil aktè ayisyen, pa yon misyon, pa yon sèvis piblik, men yon chan biznis, yon chemen pou fè lajan. Konpare foutbòl ak politik konsa, se konfonn talant ak manda, travay ak privilèj, efò pèsonèl ak resous piblik. Ronaldo fè lajan paske li travay, li gen disiplin, li pwodui pèfòmans. Politik, li menm, se pa yon espò pou fè nòt sou do pèp la. Politik se responsabilite, se vizyon, se sakrifis. Men pawòl Claude Joseph la montre kijan politik vin tounen yon aktivite pèsonèl pou satisfè anbisyon, pa yon zouti pou chanje lavi popilasyon an.

Sa ki pi grav, sè ke deklarasyon sa a soti nan bouch yon moun ki deja pase nan pi wo fonksyon Leta. Sa vle di mantalite sa a pat deyò sistèm nan, li te anndan li. Lè dirijan panse politik se yon *chwa pèsonèl* menm jan ak foutbòl, se pèp la ki vin tounen tèren jwèt la, se peyi a ki vin tounen boul la, e pouvwa a se pri pou ranmase lajan.

Se konsa Ayiti rive la jodi a, yon klas politik ki pa pale de pwogram, ki pa pale de pwojè sosyete, men ki pale de lanmou pou politik, tankou si politik se yon pasyon prive, pa yon kontra moral ak pèp la. Rezilta a ? Enstitisyon kraze, Leta febli, mizè ap vale tèren, pandan politisyen ap kontinye *jwe match* yo san abit.
Finalman, pawòl sa a pa senp, li pa inosan. Li se yon glas ki montre figi reyèl politik ayisyen an : yon politik san etik, san limit, san wont. E tant ke politik ap rete yon mwayen pou fè lajan olye yon angajman pou sèvi, Ayiti ap kontinye pèdi match li yo pa sou teren foutbòl, men sou teren lavi reyèl la.

*Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une*

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar