Plizyè milye sitwayen ayisyen te patisipe, samdi 3 janvye 2026 la, nan yon gwo mach pou lapè nan lari Delmas. Ayisyen ki soti nan tout konfesyon relijye te mache ansanm pou lapè, yo te pran beton an depi byen bonè nan maten. Avèk pankat nan men yo epi y ap chante slogan ki mande fen vyolans lan, patisipan yo te eksprime bouke yo fas ak ensekirite k ap ogmante chak jou epi k ap afekte lavi fanmi yo.

Se pastè ak responsab relijye ki soti nan plizyè kominote lafwa ki te lanse mobilizasyon sa a tankou: pastè André Muscadin, pastè Marco, Forge, pwofèt Mackenson a

Dapre òganizatè yo, objektif la se te rasanble popilasyon an pi lwen pase divizyon relijye, politik ak sosyal yo, pou lanse yon apèl fò an favè lapè, dyalòg ak rekonsilyasyon nasyonal.

Lapriyè ak chan relijye te akonpaye tout trajè a, sa ki te bay mach la yon karaktè sitwayen ak espirityèl an menm tan.

Pandan tout manifestasyon an, moun yo te ensiste sou nesesite pou otorite yo pran mezi konkrè pou retabli sekirite a epi pwoteje sitwayen yo. Pou plizyè patisipan, lapè rete yon kondisyon esansyèl pou devlopman peyi a, relans ekonomi an, epi pou timoun ak jèn yo ka gen aksè ak edikasyon.

Evènman an te dewoule nan kalm ak disiplin.
Nan fen mach la, lidè relijye yo te ankouraje popilasyon an pou kontinye angajman pasifik sa a epi miltipliye inisyativ an favè viv-ansanm. Yo espere demonstrasyon inite nasyonal sa a ap voye yon mesaj fò bay desizyonè yo epi l ap kontribye pou louvri chemen an vè yon Ayiti ki pi an sekirite ak pi solidaire.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841