Kidnaping sa ki pase nan Venezyela a pa yon evènman izole, ni yon senp kriz politik lokal. Se yon chòk jewopolitik majè, ki poze kesyon fondamantal sou respè *dwa entènasyonal,* souverènte Leta, ak limit itilizasyon fòs militè nan relasyon ant peyi yo. Operasyon militè Etazini te mennen sou teritwa venezyelyen an, ki abouti ak kaptire prezidan konstitisyonèl peyi a, make yon franchisman liy wouj ke kominote entènasyonal la pa ka trete ak silans oswa relativis.
Souverènte yon Leta se yon prensip ki pa negosyab nan kè dwa entènasyonal modèn lan, sitou depi chat nasyonzini (1945), gen yon prensip san anbiguite, kote tout Leta yo egal an diyite ak souverènte, kèlkeswa gwosè yo, pouvwa militè yo oswa pozisyon yo nan sistèm mondyal la. Atak militè kont Venezyela, san manda Konsèy Sekirite Nasyonzini, san menas iminan ki pwouve, epi san pwosedi legal entènasyonal, konstitye yon vyolasyon dirèk Atik 2(4) Chat ONU a, ki entèdi itilizasyon fòs kont entegrite teritoryal oswa endepandans politik yon Leta.
Kaptire yon chèf Leta an fonksyon pa yon fòs etranje, sou teritwa pwòp peyi li, se pa yon zak “sekirite”, se yon zak agresyon dapre definisyon Asanble Jeneral Nasyonzini bay an 1974. Lè fòs vin ranplase la lwa, lòd entènasyonal la vin tounen yon jaden fòs olye yon espas règleman.
Pretèks yo tonton Sam pran se demokrasi, dwòg, sekirite, men reyalite a pi brital. Diskou ofisyèl ki sèvi pou jistifye entèvansyon an demokrasi, batay kont trafik dwòg, estabilite rejyonal pa nouvo. Istwa Amerik Latin lan chaje ak egzanp kote menm agiman sa yo te sèvi pou koudeta, envazyon, oswa destabilizasyon gouvènman ki pa t mache selon enterè gwo pouvwa yo. Pwoblèm nan se pa kesyon si yon gouvènman bon oswa move, kestyon an se ki moun ki gen dwa deside sa, e ak ki mwayen. Nan dwa entènasyonal, chanjman rejim pa ka fèt pa zam. Si kominote entènasyonal la aksepte prensip sa a, li ouvè pòt pou yon mond kote nenpòt peyi ki gen plis misil ka enpoze “verite” li sou lòt pèp.
Yon presedan danjere pou mond lan paske sa ki fèt nan Venezyela a depase kad Amerik Latin. Jodi a se Venezyela, demen li ka nenpòt lòt peyi ki posede resous estratejik, ki gen yon pozisyon jewopolitik sansib, oswa ki chwazi yon chemen politik ki pa konfòm ak volonte gwo sant pouvwa yo. Lè yon entèvansyon konsa pa kondane klèman, li vin tounen yon modèl. Reyaksyon plizyè peyi, nan Amerik Latin, Ewòp, Azi ki denonse vyolasyon souverènte Venezyela a montre ke krent la mondyal.
Men denonsiyasyon san aksyon kolektif rete frajil paske silans oswa anbivalans kèk aktè entènasyonal kontribye dirèkteman nan banalizasyon agresyon an. Kominote entènasyonal la fas ak pwòp kontradiksyon li Nasyonzini, òganizasyon rejyonal yo, ak gwo fòs diplomatik mondyal yo ap fè fas ak yon tès kredibilite. Si dwa entènasyonal aplike sèlman pou peyi fèb, men sispann egziste lè gwo pouvwa yo aji, alò li pèdi tout sans li. Lòd entènasyonal la pa ka fonksyone sou baz lwa selektif. Sa k pase nan Venezyela a poze yon kesyon dirèk, èske mond lan toujou gouvène pa règ, oswa èske li retounen nan lwa pi fò a?
Defann Venezyela, se defann prensip mondyal yo, paske defann souverènte Venezyela jodi a pa vle di pran pozisyon pou yon gouvènman an patikilye. Sa vle di defann prensip fondamantal ki pwoteje tout pèp, espesyalman peyi ki pa gen kapasite militè pou reponn ak fòs. Dwa entènasyonal se yon boukliye kolektif; lè li fann pou youn, li vin frajil pou tout lòt yo.Si mond lan tolere mepri sa a pou lwa entènasyonal yo, li pa sèlman abandone Venezyela. Li abandone pwòp avni li, kote lagè vin zouti politik nòmal, e lapè tounen yon diskou vid.
Jean launy AVRIL, Centre à la Une