Nan fen egzèsis fiskal la, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) te gen yon kredi bidjètè yon milyon goud li pa t rive itilize », se sa Mario Andrésol, Sekretè d Eta pou Sekirite Piblik, revele pandan patisipasyon li nan emisyon Panel Magik, mèkredi 7 janvye 2026.
Selon Mesye Andrésol, PNH te fè fas ak plizyè difikilte pou fè rekizisyon yo alè oswa pou itilize lajan yo nan delè ki te prevwa yo. Mario Andrésol eksplike tou ke gouvènman an te òganize plizyè seyans travay ak direksyon jeneral PNH la pou ede l pi byen metrize sikwi administratif yo. Li presize ke mezi deja pran pou pèmèt PNH la kapab itilize tout resous ki prevwa pou li nan bidjè a.
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap tann ekipman ki te dwe deja livre depi mwa novanm 2025, e ki ap pèmèt genyen plis pwogrè sou teren an. Mario di li espere ekipman sa yo va rive nan jou k ap vini yo. Se sa ki fè li gen konfyans sou ouvèti wout Sid la ak wout Nò a anvan 7 fevriye », se sa Sekretè d Eta pou Sekirite Piblik la, Mario Andrésol, deklare, pandan li soulinye ekipman sa yo pral pèmèt fòs lòd yo avanse sou teren an, tout pandan y ap evite pyèj bandi yo mete.
Pandan entèvansyon li nan emisyon Panel Magik, madi 7 janvye 2026, Mario Andrésol te fè konnen tou Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a te prezante l yon plan ki vize reprann kontwòl wout Sid la. Li estime plan sa a kòrèk, men li pa revele detay yo.
Objektif la pou kounye a, menm si nou pa rive mete men sou gwo chèf bandi yo, se atake estrikti yo mete an plas pou konfwonte fòs lòd yo, epi izole chèf gang yo ak gwoup yo », se sa Sekretè d Eta pou Sekirite Piblik la, Mario Andrésol, revele.
Mario Andrésol fè konnen tou plizyè bandi deja netralize gras ak itilizasyon dròn eksplozif, li presize operasyon sa yo ap fèt de fason sistematik, epi ekip ki responsab yo genyen kounye a tout ekipman yo te kòmande. Li ajoute Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) resevwa kòm don kèk machin blende, ki deja deplwaye sitou nan Mibalè ak nan Latibonit, pandan y ap tann fen operasyon yo nan Pòtoprens ak rekòmansman ofansiv yo sou lòt fwon.
Mario rapousib pou di li ka asire popilasyon an Pòtoprens pa tonbe epi li pap tonbe. Nou antre nan yon pwosesis rekiperasyon sant vil la, ak ouvèti wout ki mennen nan Sid ak nan Nò kapital la anvan dat limit 7 fevriye a.
Mesye Andrésol eksprime satisfaksyon li pou pi bon kowòdinasyon ak solidarite ki egziste kounye a ant Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Fòs Lame d Ayiti (FAD’H), Fòs pou Sipresyon Gang yo (FSG) ak Task Force la.
Sekretè deta di gen pwogrè ki fèt sou teren an depi mwa mas 2025 rive jounen jodi a.
Mario Andrésol eksplike lè li te pran pòs sa a, li te chèche mete an plas bon sinèji pou mennen « batay kont gang yo », pandan li soulinye ke nan moman sa a, fòs lòd yo te bezwen yon lidèchip ki kapab ede yo bay tout sa yo kapab. Mesye Andrésol fè konnen, nan yon premye etap, sinèji sa a pa t posib akoz kèk enkonpreyansyon ki te egziste ak Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ki te an fonksyon nan epòk la.