Yon akt akizasyon depoze nan vil Jacksonville, nan Eta Florid, kont Francesca Charles, 28 an, sitwayèn ameriken k ap viv Florid, ansanm ak Jacques Pierre, 32 an, ak frè li Jeff Pierre, 34 an, de ressortisan ayisyen ki ap viv Ozetazini. Twa (3) moun sa yo akize pou konplo an vi kontrebann machandiz ak ekspedisyon ilegal zam afe pou voye an Ayiti.
Daprè otorite jidisyè ameriken yo, yon kontenè ki te pati depi Miami epi ki te entèsepte an fevriye 2025 nan Repiblik Dominikèn, te gen ladan li yon asenal zam ki pa t deklare. Chajman an te kache anba yon fo deklarasyon byen menajè, men li te an reyalite gen ladan li 18 fizi, 5 zam de pwen, plizyè chajè, plis pase 36 000 bal, ansanm ak yon silansè.
Ankèt ki te mennen pa ATF (Bureau of Alcohol, Tobacco, Firearms and Explosives) ak Homeland Security Investigations revele ke akize yo ta achte omwen 46 zam afe ant mwa me 2024 ak fevriye 2025. Pami zam sa yo te gen de fizi Barrett kalib .50, zam lou ki gen karakteristik militè.
Dokiman ankèt yo, ki gen ladan rejis acha, dosye vwayaj ak done sou ekspedisyon, montre egzistans yon rezo òganize, ki relye achte zam an gwo kantite, voye yo nan zòn Karayib la, epi fè deplasman kowòdone ant Etazini, Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
Si tribinal la ta jwenn yo koupab, chak akize ka fè fas ak yon pèn maksimòm 20 ane prizon federal. Sepandan, otorite yo raple ke, nan etap sa a nan pwosedi a, twa moun yo toujou jwi prezonpsyon inosan, jan lalwa egzije sa.