Depi plizyè jou, sa k pase nan Venezyela ap sikile atravè mond lan sou fòm tit frapan, deklarasyon ofisyèl, ak naratif medya ejemonik ki chèche prezante operasyon militè Etazini an kòm yon aksyon *chirijikal*, *kontwole*, prèske san sans. Men lè nou pran tan fouye pi fon, lè nou koute sous ki sou teren an, lè nou rasanble moso enfòmasyon ki parèt youn apre lòt, yon lòt verite ap parèt, pi lou, pi grav, e pi deranjan.

Pa t gen *livrezon*, te gen lagè kontrèman ak sa diskou ofisyèl Washington lan vle fè kwè, pa t gen okenn livrezon volontè Prezidan Nicolás Maduro. Premye faz operasyon an te kòmanse ak bonbadman masif ki te vize rada, sant siveyans ak aparèy defans aeryen Venezyela, yon estrateji klasik pou fè yon peyi vin avèg anvan envazyon. Sa sèlman sifi pou demanti teyori yon operasyon *fasil* oswa *san rezistans*.

Dapre plizyè sous ki soti dirèkteman nan Venezyela, konfwontasyon ame yo te dire plis pase twa èdtan, kote fòs ameriken yo te antre an kolizyon dirèk ak fòs ame venezyelyen yo. Se sèlman apre batay sa yo, ak gwo pèt sou toude bò, yo te rive mete men sou chèf Leta a. Sa a se yon zak lagè, pa yon aksyon lapolis entènasyonal.

Silans sou bilan imen an, yon chwa politik paske se youn nan aspè ki pi troublan nan fason medya dominan yo ap trete dosye a se silans prèske total sou kantite moun ki pèdi lavi yo. Tankou si lavi sòlda yo, lavi sivil yo, lavi moun ki te sou teren an pa merite konte. Jodi a, se pa rezo sosyal ki ap bay chif ki pi cho, se otorite ofisyèl ki kòmanse kraze silans lan.

Gouvènman Kiba a deja konfime ke 32 sòlda kiben pèdi lavi yo pandan atak la sòlda ki te la nan kad misyon ransèyman, men ki te sèvi tou kòm pwoteksyon prezidansyèl. E selon lòt sous serye, bilan total la ta ka depase 80 sòlda mouri, san nou pa menm konte blese yo ak sivil ki te frape pa eksplozyon yo.

Yon avètisman pou tout Amerik Latin , sa k rive Venezyela a pa konsène Venezyela sèlman. Se yon mesaj voye bay tout peyi ki gen resous, ki gen souverènte, ki refize alinye san kondisyon. Jodi a se Venezyela, demen li ka Kolonbi, Meksik, Brezil, oswa nenpòt lòt peyi ki pa antre nan lojik dominasyon an.
Istwa Amerik Latin lan deja konnen senaryo sa a, nou konnen kijan li kòmanse e nou konnen kijan li fini.

Bonbadman ka kraze radar, misil ka detwi enfrastrikti, men yo pa ka efase verite a. E verite a, jodi a, se ke sa k pase nan Venezyela a se yon operasyon militè , yon vyolasyon Dwa Entènasyonal, ak yon manipilasyon enfòmasyon masiv pou fè mond lan vale yon reyalite falsifye. Se devwa laprès endepandan, analis konsyan, ak sitwayen responsab yo pou pa kite naratif prepare yo ranplase reyalite a. Paske lè verite a tonbe, demokrasi pa kanpe lontan dèyè li.

Jean Launy, Editoryalis -Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar