Kesyon an pa provokasyon pou fè bri. Li se yon kestyon lejitim nan limyè sa k ap pase sou kontinan ameriken an : èske Etazini pa nan yon nouvo faz rekolonizasyon politik, diplomatik ak ideyolojik ? Se pa yon rekolonizasyon ak zam ak drapo, men yon rekolonizasyon plis sofistike, plis silansye, ki pase pa diplomasi presyon, aliyman politik, sanksyon selektif, ak sipò ouvè oswa kache pou gouvènman ki mache dwat nan liy enterè Washington.
Depi kèk ane, Amerik Latin ak Karayib la ap viv yon re-konfigirasyon ideyolojik danjere. Apre yon vag gouvènman pwogresis, nou wè yon retou fòs dwat ak ekstrèm dwat, souvan ak yon diskou nasyonalis, anti-migran, anti-sosyalis, men paradoxalman trè depandan de Etazini. Gouvènman sa yo prezante tèt yo kòm defansè souverènte, men nan pratik yo ouvè pòt yo lajman pou diktasyon ekonomik, sekiritè ak diplomatik Etazini. Se la kontradiksyon an vin klè : souverènte nan diskou, soumèt nan aksyon.
Apwòch diplomatik Etazini an chanje fòm, men pa fon. Olye okipasyon dirèk, nou wè mekanis “koperasyon sekirite”, “lavi demokratik”, “gouvènans”, ki souvan sèvi kòm levye presyon politik. Lè yon gouvènman pa al nan sans enterè ameriken yo, li vin “pwoblèm”, “otoritè”, “menas pou demokrasi”. Lè li aliman, menm si li vyole dwa moun, li vin “patnè estratejik”. Se yon diplomasi de pwa de mezi, ki chwazi rejim yo pa selon volonte pèp yo, men selon fidelite geopolitik yo.
Nan kontèks sa a, emèjans dwat ak ekstrèm dwat la pa yon aksidan. Li alimante pa krent pou chanjman sosyal, pa kriz ekonomik, pa manipilasyon pè migrasyon ak sekirite. Etazini pwofite klima sa a pou renfòse enfliyans li, bloke altènativ politik ki ta ka menase dominasyon li sou kontinan an. Se pa nesesèman Etazini ki “kreye” tout gouvènman sa yo, men li legitime yo, pwoteje yo, epi entegre yo nan ajanda li.
Rekolonizasyon sa a pa pran fòm kontwòl teritoryal, men kontwòl desizyon. Ki politik ekonomik ou ka fè. Ki alyans ou ka pran. Ki diskou ou ka gen. Ki opozisyon ki “akseptab”. Nan modèl sa a, demokrasi vin tounen yon zouti, pa yon objektif. Eleksyon yo tolere toutotan rezilta yo pa deranje balans pouvwa a.
Kesyon fondamantal la se sa : ki espas ki rete pou souverènte reyèl pèp yo ? Si chak chanjman politik dwe pase tès apwobasyon yon gwo pouvwa, si chak refòm sosyal vin yon “risk”, si chak gouvènman endepandan vin yon “menas”, alò nou pa nan yon kontinan lib, men nan yon espas sous dominasyon modèn.
Etazini pa bezwen rebati koloni pou domine Amerik la. Li itilize alye ideyolojik, presyon diplomatik, ak feblès enstitisyonèl peyi yo. Se yon rekolonizasyon san non, san drapo, men ak konsekans reyèl sou lavi pèp yo. Nan fas ak emèjans dwat ak ekstrèm dwat la, defi kontinan an pa sèlman elektoral. Li se yon batay pou otonomi politik, pou dignité diplomatik, pou kapasite pèp yo deside pou tèt yo. Sinon, Amerik la pap rekolonize pa fòs. Li pral rekolonize pa konsantman, pa pè, pa divizyon.
E listwa montre nou yon bagay : rekolonizasyon ki fèt san zam se souvan sa ki dire pi lontan.
Jean Launy AVRIL, editoryalis-Centre à la Une