Prezidan Laurent Saint-Cyr ak PM Alix Didier FILS-AIMÉ lanse konstruiksyon twonson wout Senrafayèl-Kap Ayisyen an, etou inogire twonson wout Ench Senrafayèl la madi 13 janvye 2026 la. Seremoni an dewoule nan baz konpayi Vorbe ak Fils lan nan Boroc-Piyon.

Seremoni an fèt an prezans Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Laurent SAINT-CYR, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon an, Òdonatè Nasyonal Fon Ewopeyèn Devlopman an (FED) ann Ayiti Charles Jean-Jacques, Majistra Sen-Rafaèl, Delege Depatmantal Nò a, Direktè Jeneral Travay Piblik yo, Anbasadris Inyon Ewopeyèn ann Ayiti Hélène Roos, Anbasadè Lafrans lan Antoine Michon ak Espay, ansanm ak reprezantan antrepriz V & F Construction, ki responsab konsepsyon ak konstriksyon senk (5) ouvraj d at (kat pon ak yon dalòt) sou seksyon estratejik sa a.
Pwojè enfrastrikti sa a, ki pèmèt diminye distans lan anviwon 60 kilomèt konpare ak Wout Nasyonal Nimewo 1 an, pral fasilite deplasman moun ak machandiz, ankouraje echanj komèsyal yo epi ranfòse entegrasyon teritoryal la, sa ki reprezante yon gwo avantaj pou popilasyon an ak devlopman ekonomik rejyonal la.

Premye Minis la souliye Repiblik d Ayiti ak Inyon Ewopeyèn nan fè yon chwa saj lè yo mete enfrastrikti woutyè yo pami priyorite finansman yo. Ouvraj sa yo, ki gen yon wòl estriktiran ak dinamik, se poto mitan ekonomi ayisyen an, paske yo favorize mobilite moun, byen ak resous yo, pandan y ap ankouraje pwodiksyon nasyonal la ak echanj komèsyal yo.

Dapre PM FILS-AIMÉ, oryantasyon sa a antre nèt nan vizyon Gouvènman an, ki fè batay kont ensekirite youn nan pi gwo priyorite li, pou kreye kondisyon favorab pou kwasans ak estabilite peyi a. Devlopman enfrastrikti woutyè yo se yon levye estratejik pou kowòdinasyon sistèm transpò a ak pou devlopman ekonomik dirab peyi a.

Chèf Gouvènman an te eksprime gwo rekonesans li anvè Inyon Ewopeyèn nan, atravè Anbasadris li ann Ayiti, Madam Hélène ROOS, ansanm ak tout Delegasyon Inyon Ewopeyèn nan ann Ayiti. Li te salye kolaborasyon sere ki egziste ant kad ayisyen yo ak patnè entènasyonal yo, ki pèmèt pwojè estriktiran sa a rive konkretize. Li te remèsye tou ajans patnè yo, sitou Ajans Franse Devlopman (AFD), pou kontribisyon enpòtan yo nan reyalizasyon wout Hinche–Sen-Rafaèl la.

Premye Minis la raple ke travay sa yo antre nan kad rezo wout nasyonal Ministè Travay Piblik ap ankouraje, anba direksyon Mesye Raphaël HOSTY, epi li re-afime inite ak estabilite rete endispansab pou kontinye pwojè estriktiran sa yo, bay popilasyon an espwa, epi prepare yon avni miyò pou Ayiti.

An paralèl ak gwo pwojè devlopman sa yo, Premye Minis la kontinye lan di l ap kenbe presyon sou gwoup ame yo, nan objektif pou rezoud pwoblèm ensekirite a epi prepare òganizasyon eleksyon demokratik yo pandan ane sa a, kondisyon esansyèl pou ranfòse estabilite ak pwogrè peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841