Lè li bat lejand Barça a, Alexia PUTELLAS, nan yon dènye fas-a-fas, Grenadyè a, Melchie Daëlle DUMORNAY, ke yo rele Corventina, ranpòte kouwòn 433 Awards 2025 yo. Yon kouwònman ki sanble ak yon pasasyon pouvwa, ki mete Ayiti sou tèt mond lan.

Ane 2025 la ap rete grave kòm ane konsakrasyon total pou Corventina. Jèn talan Olympique Lyonnais a fèk eli Jwèz Ane a pa kominote mondyal 433 Awards yo, youn nan pri ki pi popilè nan foutbòl fanm. Apre yon chemen san fot, li rive elimine Espanyòl la, Alexia PUTELLAS, nan final la, ak yon avantaj konfòtab 55 % vwa yo.

Viktwa sa a pa sèlman rezilta yon plébiskit sou rezo sosyal yo ; li se tou refleksyon yon sezon estrawòdinè. Ant gòl desizif li yo nan Lig Chanpyon an ak dominasyon fizik li nan chanpyona a, natif natal Mibalè sa a te fè chak match tounen yon demonstrasyon fòs. A 22 lane sèlman, jwèz ki fèk pwolonje kontra li ak Lyon jiska 2030 pa kontante l pote espwa Ayiti ankò : li redefini estanda foutbòl mondyal la.

Ak nouvo twofe sa a nan men li, Corventina pa gade tèt mòn nan ankò, li deja sou li. Kounye a, tout je yo fikse sou pwochen randevou entènasyonal yo epi, san dout, sou Balon dò a, ki sanble deja a pòte men li.

Yon gwo kout chapo pou Melchie Daëlle Dumornay ki ranpòte bag 433 a.

Federasyon foutbòl Ayisyen (FHF) ekri pou di rekonesans sa a vin kouwone yon bèl sezon Grenadyèz la reyalize ak klèb li. Men se tou yon pri ki salye yon chimen ki fèt nan sakrifis, disiplin ak yon talan ki pa menm jan ak lòt yo.

Bag 433 sa a se plis pase yon pri : se prèv klè travay di, konsistans ak talan Melchie mete l nan pami pi gwo espòtif ki genyen nan kategori l ap evolye a !

Federasyon an pwofite remesye tout fanatik foutbòl ak pèp Ayisyen an jeneral, pou angajman yo te montre, pou te ede Melchie reyalize eksplwa sa a !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841