Plizyè rankont te pwograme, dimanch 18 janvye 2026 la, nan kad 3èm jounen playoffs Lig Ayisyèn Foutbòl la.
Gwoup A (Gran Nò) : Nan pak Saint-Victor, Ouanaminthe Football Club ale bat an deplasman AS Capoise (1-0). Se Carlos Jean nan 43èm minit ki enskri gòl la. Gras ak viktwa sa, poulen antrenè Jimmy Métellus yo reprann tèt gwoup la avèk 6 pwen nan klasman an.
Nan pak Vincent des Gonaïves, Racing FC domine Baltimore SC de Saint-Marc (2-0). Se Claudeson Céus Stanley ki reyalize 2 gòl yo (25èm, 55èm) pou ekip Lions de la Terre Salée a.
Gwoup B (Gran Sid) : Nan pak Sainte-Thérèse de Pétion-Ville, Violette AC ranpòte dèbi nasyonal la fas a Racing Club Haïtien (2-0), gras a 2 gòl Jean Roberto make (4èm, 44èm).
Bò kote pa li, nan Land des Gabions, Juventus FC des Cayes ak Cavaly AS de Léogâne fè match nil (1-1). Se Emerson Tibert ki te louvri eskò a nan 36èm minit pou Cavaly AS, anvan Séraphin Jackaziel egalize pou klèb Okay la nan 43èm minit.
An nou dekouvri rezilta 3èm jounen playoffs Lig Ayisyèn Foutbòl (LHF) yo.
Racing FC 2-0 Baltimore SC ;
Violette AC 2-0 Racing CH ;
AS Capoise 0-1 Ouanaminthe FC ;
Juventus FC 1-1 Cavaly AS.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE