Tankou jan sa te anonse, Grenadye yo pral afwonte yon seleksyon afrikèn ak yon seleksyon ewopeyèn. Rankont sa yo pral jwe Toronto, nan BMO Field, yon enfòmasyon tou ki konfime pa TSN.
Seleksyon ayisyèn foutbòl la pral dispite 2 match amikal pandan mwa mas la. Grenadye yo pral genyen pou mezire yo fas a Tinizi ak Island. Rankont sa yo enskri nan kad preparasyon pou Koupdimonn 2026 la epi li pral pèmèt a estaf teknik lan pou evalye efektif la, nan objektif pou afine chwa taktik yo ak pou ranfòse koyezyon nan gwoup la pou pwochèn echeyans yo.
Se yon inisyativ fanatik yo bat bravo lakontantman piske li pral bay okazyon pou seleksyon ayisyèn foutbòl la bò kote gason yo mete dènye touch yo epi sitou ranfòse lyen yo avèk kominote ayisyèn nan Kanada, nan kèk mwa pou Koupdimonn FIFA 2026 la.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE